Zèv Aksyon moun, menm si yo byen oubyen move. Chak moun pral jije poutèt pwòp zèv yo. Senyè a pral sèvi chak moun daprè zèv yo, Pwov. 24:12. Briye limyè w devan lèzòm, pou yo kapab wè bon zèv ou yo, Mat. 5:16 (3 Ne. 12:16). Yon moun ki fè volonte Papa m, l ap antre nan wayòm syèl la, Mat. 7:21. San zèv, lafwa mouri, Jak 2:14–26. Yo dwe jije poutèt zèv yo, 1 Ne. 15:32 (Mozya 3:24). Nou konnen se avèk gras nou sove, apre tout sa nou kapab fè, 2 Ne. 25:23. Anseye yo pou yo pa janm fatige fè bon zèv, Alma 37:34. Li nesesè pou lèzòm jije daprè zèv yo, Alma 41:3. Zèv yo ap fè w konnen yo, Mowo. 7:5 (D&A 18:38). Mwenmenm Senyè a, m ap jije tout moun daprè zèv yo, D&A 137:9.