Aawon, frè Moyiz la Gade tou nan Moyiz; Prètriz Aawon an Nan ansyen Testaman an, yon pitit gason Amram ak Jokebèd, ki soti nan tribi Levi a (Egz. 6:16–20); Gran frè Moyiz la (Egz. 7:7). Senyè a te lonmen l pou l ede Moyiz mennen pèp Izrayèl la soti nan Ejip epi pou l sèvi l kòm pòt pawòl, Egz. 4:10–16, 27–31; 5:1–12:51. Sou mòn Sinayi a, Moyiz te resevwa enstriksyon konsènan nominasyon Aawon avèk kat frè l yo nan Prètriz Aawon an, Egz. 28:1–4. Te fè fabrike yon jèn bèf ak lò sou rekòmandasyon pèp la, Egz. 32:1–6, 21, 24, 35. Te mouri sou mòn Ò a nan laj 123 zan, Nonb 20:22–29 (Nonb 33:38–39). Senyè a te Konfime yon prètriz sou Aawon ak desandan l yo tou, D&A 84:18, 26–27, 30. Moun ki mayifye apèl prètriz y ap vin tounen pitit Moyiz avèk Aawon, D&A 84:33–34.