Antrèd Gade tou nan Fè lacharite, lacharite; Jèn, jene; Ofrann; Pòv; Sèvis Pwosesis ak mwayen pou satisfè bezwen tanporèl ak espirityèl moun. Louvri men w laj bay frè w, pòv ou yo, ak moun ki gen bezwen nan peyi w, Det. 15:11. Yon moun ki bay pòv, moun sa a p ap nan bezwen, Pwov. 28:27. Èske se pa jèn m te chwazi a? pou w bay moun ki grangou pen w, pou w mennen pòv yo nan kay ou, Eza. 58:6–7. M te grangou epi w te ban m manje; m te yon etranje epi w te fè m antre. Lè w fè sa pou youn nan pi pòv nan pami frè m yo, se pou mwen w fè l, Mat. 25:35–40. Separe byen w bay moun ki nan bezwen, Mozya 4:16–26. youn te bay lòt tanporèlman epi espirityèlman daprè nesesite yo ak bezwen yo, Mozya 18:29. Yo te resevwa kòmandman pou yo jene epi priye ansanm pou byennèt moun ki pa t konnen Bondye, Alma 6:6. Priye pou byennèt ou epi pou byennèt moun ki alantou w yo, Alma 34:27–28. Yo te gen tout bagay an komen nan pami yo, 4 Ne. 1:3. Sonje pòv yo, D&A 42:30–31. Vizite pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, D&A 44:6. Nan tout bagay, sonje pòv yo ak moun ki nan bezwen yo, D&A 52:40. Malè w, moun rich ki pa vle bay pòv nan byen w, epi malè w, moun pòv ki pa satisfè, ki ava epi ki pa vle travay, D&A 56:16–17. Nan Siyon, pa t gen pòv nan pami yo, Moyiz 7:18.