Lang yo, don Gade tou nan Don Lespri yo; Lang Yon don Sentespri ki pèmèt moun enspire yo pale, konprann, oubyen entèprete lang etranje. Nou kwè nan don lang yo (AL 1:7). Yo tout te ranpli avèk Sentespri a, epi yo te kòmanse pale lòt lang, Tra. 2:4. Yon moun ki pale yon lang moun pa konnen, li pa pale avèk lèzòm, men se avèk Bondye li pale, 1 Kor. 14:1–5, 27–28. Lang yo se yon siy pou moun ki pa kwè, 1 Kor. 14:22–28. Apre sa se batèm dife ak Sentespri a; epi apre sa w kapab pale avèk lang zanj yo, 2 Ne. 31:13–14. Amaleki te egzòte tout moun pou yo kwè nan don pou pale lang, Omni 1:25. Gen moun ki kapab pale lang; epi gen lòt ki kapab entèprete lang, D&A 46:24–25 (1 Kor. 12:10; Mowo. 10:8, 15–16). Devèse don lang nan, D&A 109:36.