Abominab, abominasyon Gade tou nan Peche Nan ekriti yo, yon bagay ki koze repiyans ak hèn pou moun ki jis epi ki pi. Bouch mansonj yo se abominasyon devan Senyè a, Pwov. 12:22. Logèy se yon bagay abominab devan je Senyè a, Jakòb 2:13–22. Mechan yo kondane pou yo kontanple pwòp abominasyon pa yo, Mozya 3:25. Mank chastete pi abominab pase tout lòt peche eksepte ansasen ak nye Sentespri a, Alma 39:3–5. Endiyasyon Senyè a flanbe kont abominasyon yo, D&A 97:24.