Onè Gade tou nan Estime; Reverans Jan yo itilize l abityèlman nan ekriti yo, bay respè pou yon moun oubyen yon bagay. Onore papa w ak manman w, Egz. 20:12 (1 Ne. 17:55; Mozya 13:20). Onore Senyè a avèk byen w yo, Pwov. 3:9. Si nenpòt moun sèvi m, Papa m ap onore l, Jan 12:26. Mari yo ta dwe onore madanm yo, 1 Pyè 3:7. Se avèk bouch yo sèlman yo onore Senyè a, 2 Ne. 27:25 (Eza. 29:13). M p ap chèche onè mond lan, Alma 60:36. Dyab la te fè rebèl kont mwen, li te di konsa, ban m onè w la, ki vle di pouvwa m, D&A 29:36. Kwayan yo pral resevwa kouwòn onè, D&A 75:5 (D&A 124:55). Senyè a pran plèzi pou l onore moun ki sèvi l, D&A 76:5. Yo pa chwazi paske yo mete lide yo sou onè lèzòm, D&A 121:34–35. Nou kwè nou dwe onore epi soutni lwa a, AL 1:12 (D&A 134:6).