Resevwa apèl nan men Bondye vle di yon chaj oubyen yon envitasyon nan men L oubyen dirijan nan Legliz Li a ki gen otorite tout bon an, pou sèvi L nan yon fason patikilye.
Li te enpoze men sou li epi li te ba l yon chaj, Nonb 27:23 .
m òdone w kòm pwofèt, Jer. 1:5 .
m te chwazi w epi m te òdone w, Jan 15:16 .
Pòl te resevwa apèl pou l vin yon apot, Wom. 1:1 .
Pèsonn pa kapab pran onè sa a sou tèt pa l, san Bondye pa aple l, Ebre 5:4 .
Bondye te aple Jezi daprè ran Mèlkisedèk la, Ebre 5:10 .
m te resevwa apèl pou m preche pawòl Bondye daprè lespri revelasyon ak lespri pwofesi, Alma 8:24 .
Prèt yo te resevwa apèl epi yo te prepare depi nan fondasyon mond lan, Alma 13:3 .
Si w vle sèvi Bondye, ou resevwa apèl, D&A 4:3 .
Kenbe fèm nan travay mwen te ba ou a, D&A 9:14 .
Ou pa dwe panse w gen apèl pou w preche jistan w resevwa apèl, D&A 11:15 .
Ansyen yo resevwa apèl pou yo rasanble moun eli yo, D&A 29:7 .
Pèsonn pa dwe preche levanjil mwen an ni bati Legliz mwen an san li pa òdone, D&A 42:11 .
Gen anpil ki resevwa apèl, men pa anpil te chwazi, D&A 121:34 .