Zòrèy Gade tou nan Koute Nan ekriti yo, zòrèy itilize souvan pou senbolize kapasite yon moun pou l tande epi pou l konprann bagay Bondye yo. Yo gen zòrèy men yo pa tande, Sòm 115:6. Senyè a reveye zòrèy mwen yo pou m kapab tande, Eza. 50:4–5 (2 Ne. 7:4–5). Yon moun ki gen zòrèy pou l tande, li dwe tande, Mat. 11:15. Zòrèy yo soud, Mat. 13:15 (Moyiz 6:27). Je pa t wè ni tou zòrèy pa t tande bagay Bondye te prepare pou moun ki renmen l yo, 1 Kor. 2:9 (D&A 76:10). Dyab la chichote nan zòrèy yo, 2 Ne. 28:22. Louvri zòrèy ou yo pou w kapab tande, Mozya 2:9 (3 Ne. 11:5). M te resevwa apèl plizyè fwa, epi m te refize tande, Alma 10:6. Koute pawòl mwen yo, Alma 36:1 (Alma 38:1; D&A 58:1). Pa gen zòrèy ki p ap tande, D&A 1:2. Zòrèy louvri nan imilite ak priyè, D&A 136:32.