Prensip Gade tou nan Levanjil Yon doktrin prensipal, verite, oubyen lwa. Premye prensip levanjil yo se lafwa nan Senyè a, Jezikri, ak repantans (AL 1:4). San abandone prensip doktrin Kris la, an nou ale nan pèfeksyon, TJS, Ebre 6:1. Ansyen yo, prèt yo, ak enstriktè yo dwe anseye prensip levanjil mwen yo, ki nan ekriti yo, D&A 42:12. Enstwi tèt ou plis pafètman nan prensip, nan doktrin, nan tout bagay, D&A 88:78 (D&A 97:14). Chak moun kapab aji avèk doktrin epi avèk prensip daprè lib abit moral m te ba yo, D&A 101:78. Nenpòt prensip entèlijans nou aprann nan lavi sa a, l ap leve avèk nou nan rezirèksyon an, D&A 130:18–19.