Mizik Gade tou nan Chante; Kantik Melodi ak rit moun te konn chante epi jwe depi nan kòmansman epòk biblik la pou eksprime jwa, louwanj ak adorasyon (2 Sam. 6:5). Sa kapab yon fòm priyè. Li posib ke, moun te chante sòm yo kòm melodi senp epi enstriman mizik te akonpaye yo. Mari, sè Aawon ak Moyiz la te pran yon tanbou epi limenm ak lòt fi yo te danse, Egz. 15:20. Levit ki te chante yo te gen senbal ak kap epi san venntwa prèt te soufle twonpèt yo, 2 Kwo. 5:12. Jezi ak Douz yo te chante yon kantik apre Dènye Soupe a, Mat. 26:30. Anseye epi konseye youn lòt nan sòm, kantik ak mizik espirityèl, Kol. 3:16. Èske w te anvi chante yon chan lanmou redanmsyon a, Alma 5:26. Nanm Bondye pran plèzi nan chan ki soti nan kè moun; wi, chan yon moun ki jis se yon priyè, D&A 25:12. Louwe Senyè a avèk chante, avèk mizik, epi avèk danse, D&A 136:28.