Kalèb
Youn nan moun Moyiz te voye chèche peyi Kanaran an nan dezyèm ane apre Egzòd la. Se sèl limenm ak Jozye ki te pote yon vrè rapò konsènan peyi a (Nonb 13:6, 30; 14:6–38). Pami tout moun ki te kite Ejip yo, se sèl yo menm te viv pi lontan pase karantan nan dezè a (Nonb 26:65; 32:12; Det. 1:36) epi yo te antre nan Kanaran (Joz. 14:6–14; 15:13–19).