Jida Iskaryòt Youn nan Douz Apot Jezi yo nan Nouvo Testaman an (Mat. 10:4; Mak 14:10; Jan 6:71; 12:4). Ti sinon l lan te vle di “moun Keriyòt.” Li te soti nan tribi Jida a epi li te sèl Apot ki pa t Galileyen. Jida te trayi Senyè a. Te resevwa trant monnen lajan pou te livre Kris la bay youn nan chèf prèt yo, Mat. 26:14–16 (Zak. 11:12–13). Te trayi Senyè a avèk yon bo, Mat. 26:47–50 (Mak 14:43–45; Lik 22:47–48; Jan 18:2–5). Te pann tèt li, Mat. 27:5. Satan te antre nan Jida, Lik 22:3 (Jan 13:2, 26–30). David te pale konsènan trayizon Jida kont Jezi a, Tra. 1:16 (Sòm 41:9).