Jouk Gade tou nan Disip Yon zouti yo mete nan kou bèt oubyen moun pou mare yo ansanm. Jouk Kris la se yon senbòl responsablite, men jouk esklavaj se yon senbòl pou opresyon. Jouk mwen fasil epi chay mwen lejè, Mat. 11:29–30. Pa soumèt ou anba menm jouk avèk enkwayan yo, 2 Kor. 6:14. Pa antòtie w avèk fado esklavaj, Gal. 5:1. Ni tou nou pa vle mennen pèsonn anba jouk esklavaj, Alma 44:2. Soufrans Sen yo se yon jouk fè, yon kòd solid, epi se chenn lanfè a, D&A 123:1–3, 7–8.