Benjamen, papa Mozya Gade tou nan Mozya, pitit gason Benjamen Yon wa ak pwofèt nan Liv Mòmon an (Mozya 1–6). Li te rankontre anpil pwoblèm lè l t ap tabli lapè nan peyi a, Omni 1:23–25 (P—M 1:12–18). Li te anseye pitit gason li yo, Mozya 1:1–8. Te pase wayòm nan bay Mozya, pitit gason li a, Mozya 1:9–18. Pèp li a te rasanble pou tande mesaj final li a, Mozya 2:1–8. Te pale avèk pèp li a, Mozya 2:9–4:30. Pèp li a te fè yon alyans avèk Senyè a, Mozya 5–6.