Imoralite seksyèl Gade tou nan Adiltè; Fònikasyon; Sansyalite, sansyèl Patisipasyon volonte nan adiltè, fònikasyon, konpòtman omoseksyèl ak lesbyèn, ensès, oubyen nenpòt lòt aktivite seksyèl. malsen, anòmal oubyen enpi. An nou fè papa nou bwè diven, epi n ap kouche avèk li, Jen. 19:30–36. Riben te ale kouche avèk Bila ki te metrès papa l, Jen. 35:22 (Jen. 49:4; 1 Kwo. 5:1). Konpòtman omoseksyèl ak lòt pèvèsyon seksyèl se abominasyon, Lev. 18:22–23. Si yon gason fòse yon fi kouche avèk li, se sèlman gason an ki komèt peche, Det. 22:25–27. Nenpòt moun ki gade yon fi avèk anvi, li deja komèt adiltè avèk li nan kè l, Mat. 5:28 (3 Ne. 12:28). Fònikasyon, salte, afeksyon delimite se idolatri, Kol. 3:5. Nan dènye jou yo lèzòm ap san afeksyon natirèl, 2 Tim. 3:1–3. Peche seksyèl se yon abominasyon, Alma 39:3–5.