Enjis, enjistis Gade tou nan Enpi; Jis, jistis; Mechan, mechanste; Peche; Sal, salte Mechan, enjis; moun ki pa renmen Bondye oubyen bagay Bondye epi ki pa sipòte koz li. Moun enjis p ap eritye wayòm Bondye, 1 Kor. 6:9–10. Moun ki pran plèzi nan enjistis yo kondane, 2 Tes. 2:12. Jezikri kapab netwaye nou anba tout enjistis, 1 Jn. 1:9. Yon wa enjis pèvèti chemen tout jistis, Mozya 29:23. Avoka ak jij enjis yo plase fondasyon destriksyon, Alma 10:27. M te voye w pou ou avèti mond lan kont zèv enjis, D&A 84:87. Nanm yo dwe sanktifye anba tout enjistis, D&A 88:17–18. Dispozisyon prèske tout moun se pou yo kòmanse egzèse dominasyon enjis, D&A 121:39.