Èd pou Etid
Jawòm


Jawòm

Nan Liv Mòmon an, yon pitit gason Enòs epi yon pitit pitit pitit gason Leyi. Li te kenbe rejis Nefit yo pandan 60 ane, 420–361 anvan Jezikri (Enòs 1:25; Jawòm 1:13). Li te yon nonm fidèl ki te chwazi pou l pa ekri anpil nan rejis istorik la (Jawòm 1:2).

Liv Jawòm nan

Gen sèlman 15 vèsè nan liv sa ki nan Liv Mòmon an. Jawòm te fè konnen Nefit yo te kontinye pratike lwa Moyiz la epi yo te espere Kris ki t ap vini an. Se te yon seri Wa pisan ki te gen anpil lafwa ki t ap dirije yo te moun fò ki fidèl. Yo te pwospere lè yo te koute pwofèt yo, prèt yo ak enstriktè yo.