Pwofanasyon Gade tou nan Blasfèm, blasfeme Mank respè pou bagay sakre; espesyalman, mank reverans pou non Bondye. Ou pa dwe pran non Senyè Bondye w la anven, Egz. 20:7 (2 Ne. 26:32; Mozya 13:15; D&A 136:21). Poukisa nou pwofane alyans zansèt nou yo, Mal. 2:10. Chak move pawòl lèzòm pale, y ap rann kont pou sa nan jijman an, Mat. 12:34–37. Nan menm bouch la benediksyon ak malediksyon soti, sa pa dwe fèt, Jak 3:10. Pawòl nou yo pral kondane nou, Alma 12:14 (Mozya 4:30). Se pou tout moun fè atansyon konsènan ki jan yo site non m nan bouch yo, D&A 63:61–62.