Modèl Yon modèl yon moun kapab suiv pou l jwenn kèk rezilta. Nan ekriti yo, jeneralman, modèl vledi yon egzanp pou moun viv yon fason kèlkonk oubyen pou yo bati yon bagay. Senyè a te kòmande Izrayèl pou l bati yon tabènak daprè modèl li te montre Moyiz la, Egz. 25. David te bay Salomon modèl pou l bati tanp la, 1 Kwo. 28:11–13. Nan mwen, Jezikri kapab montre moun ki kwè nan li yo yon modèl, 1 Tim. 1:16. M pral ba w yon modèl nan tout bagay pou moun kapab pa desevwa w, D&A 52:14.