Imòtalite, imòtèl Gade tou nan Ekspyasyon, ekspye; Jezikri; Mòtalite, mòtèl; Rezirèksyon; Sali Lè moun viv pou tout tan nan yon eta resisite, lè yo pa kapab soumèt anba lanmò fizik. Li te leve, Mak 16:6. Menm jan an tout moun ap vin vivan nan Kris, 1 Kor. 15:22. Lanmò ap anglouti lè kò mòtèl sa vin imòtèl, 1 Kor. 15:53–54. Kris te aboli lanmò epi li te pote imòtalite, 2 Tim. 1:10. Imòtalite se restorasyon lespri a ak kò a, 2 Ne. 9:13. Lespri yo reyini avèk kò yo ap vin imòtèl, yo p ap janm mouri ankò, Alma 11:45. Fidèl yo pral kouwone avèk imòtalite epi avèk lavi etènèl, D&A 75:5. Tè a pral vin sanntifye ak imòtèl, D&A 77:1 (D&A 130:9). Travay Bondye ak glwa l, se pou l reyalize imòtalite ak lavi etènèl lèzòm, Moyiz 1:39.