Milenyòm Gade tou nan Dezyèm Vini Jezikri; Lanfè Peryòd mil ane lapè ki pral kòmanse lè Kris la retounen pou l gouvène pèsonèlman sou tè a (AL 1:10). Moun p ap leve epe, ni aprann lagè, Eza. 2:4 (Miche 4:3; 2 Ne. 12:4). Tè ki te dezole vin tankou jaden Edenn nan, Ezek. 36:35. Yo te viv epi yo te gouvène avèk Kris la pandan mil ane, Apok. 20:4. Poutèt jistis, Satan pa gen pouvwa, 1 Ne. 22:26. M pral rete sou tè a nan jistis pandan mil ane, D&A 29:11. Lè mil ane yo fini, m pral epanye tè a pou yon ti tan, D&A 29:22. Gran Milenyòm nan pral vini, D&A 43:30. Pitit moun jis yo pral grandi san peche, D&A 45:58. Timoun yo pral grandi jistan yo vyeyi; lèzòm pral chanje kon nou bat je nou, D&A 63:51. Nan kòmansman setyèm mil ane a Senyè a pral sanntifye tè a, D&A 77:12. Yo p ap viv ankò jistan mil ane yo fini, D&A 88:101. Satan pral mare pou mil ane, D&A 88:110. Milenyòm nan dekri, D&A 101:23–34. Tè a pral repoze pou mil ane, Moyiz 7:64.