Vyèj Gade tou nan Mari, manman Jezi Yon gason oubyen yon fi ki gen laj pou marye epi ki pa t janm gen relasyon seksyèl. Nan ekriti yo, yon vyèj kapab reprezante yon moun ki pwòp moralman (Apok. 14:4). Yon vyèj pral ansent epi li pral fè yon pitit gason, Eza. 7:14 (Mat. 1:23; 2 Ne. 17:14). Wayòm syèl la konpare avèk dis vyèj, Mat. 25:1–13. Nan vil Nazarèt la m te wè yon vyèj, ki te manman Pitit Gason Bondye a, 1 Ne. 11:13–18. Mari te yon vyèj, yon vèsèl gran pri epi chwazi, Alma 7:10.