Èd pou Etid
4. Kirtland, Ohio, 1830–1838


4. Kirtland, Ohio, 1830–1838

Imaj
Kat jeyografik 4 istwa legliz la

N

Fèm Morley

Rivyè Chagrin, branch ès

pou ale Willoughby

pou ale Mentor

Moulen (si)

Chemen Markell

Moulen

Plas Batèm

Kay Whitney

pou ale Painesville

Magazen Whitney

Tanri po bèt

Otèl Johnson

Lekòl

Ri Cowdery

Fondri

Kouran dlo Stoney

Kay Joseph Smith, pitit la

Magazen varyete Joseph Smith, pitit la

pou ale Chardon an

Simityè

Ri Whitney

Biwo Enprimri

Tanp Kirtland nan

Kay Sidney Rigdon

Bank

Chemen Chillicothe

Ri Joseph

Kay Hyrum Smith

Mèt yo

0 150 300

A B C D

1 2 3 4

1

2

3

4

5

6

7

  1. Kay Newel K. Whitney Joseph ak Emma te abite nan kote sa a pandan plizyè semèn apre yo te soti vin nan Kirtland pou premye fwa a an 1831. Joseph te resevwa plizyè revelasyon nan kote sa a.

  2. Fèm Isaac Morley Joseph ak Emma Smith te abite nan kote sa a soti Mas rive Septanm 1831. Premye gran prèt yo te òdone nan kote sa a. Joseph te travay sou Tradiksyon Bib Joseph Smith la (TJS).

  3. Magazen Newel Witney Premye Prezidans Legliz la te resevwa kle wayòm yo nan kote sa a. Lekòl Pwofèt yo te konn rankontre nan kote sa a pandan ivè 1833 a. Yo t ap travay pou fin fè TJS la nan kote sa a an 1833. Joseph ak Emma te abite nan kote sa a soti 1832 rive 1833. Joseph te resevwa anpil revelasyon nan kote sa a.

  4. Otèl Johnson Otèl la te gen premye biwo enprimri nan Kirtland nan. The Evening and the Morning Star la te enprime nan kote sa a apre destriksyon près enprimri nan Konte Jackson, Missouri. Douz Apot yo te kite kote sa a 4 Me 1835 pou premye misyon yo.

  5. Kay Joseph Smith, pitit la Joseph ak Emma te abite nan kote sa a nan fen 1833 rive nan kòmansman 1837. Tradiksyon liv Abraram nan te fini, epi Joseph te resevwa plizyè revelasyon nan kote sa a.

  6. Biwo Enprimri Lectures on Faith (Diskou sou Lafwa) la te fèt nan kay sa a. Douz Apot yo ak Premye Kolèj Swasanndis yo te aple epi yo te òdone nan kote sa a. Doktrin ak Alyans yo (1e edisyon), Liv Mòmon an (2yèm edisyon), The Evening and the Morning Star, Latter Day Saints’ Messenger and Advocate, ak premye nimewo Elders’ Journal la te enprime nan kote sa a.

  7. Tanp Kirtland nan Tanp sa a sete premye tanp nan dispansasyon sa a. Jezikri te parèt epi L te aksepte tanp la. Moyiz, Elyas, ak Eli te parèt epi yo te retabli kèk kle prètriz (gade nan D&A 110). Lekòl Pwofèt yo te rankontre nan kote sa a tou. Legliz la te resevwa revelasyon nan kote sa a: D&A 109–110; 137.

    Kirtland Jou 17 Out 1835 la, Doktrin ak Alyans yo te adopte kòm ekriti. Nan pami revelasyon Legliz la te resevwa nan Kirtland yo genyen D&A 41–50; 52–56; 63–64; 72; 78; 84–98; 101–104; 106–110; 112; 134; ak 137. Seksyon 104 la deziye kèk pwopriyete manm Legliz yo dwe resevwa kòm responsablite pou yo patisipe nan lòd ini an (gade nan vèsè 19–46).

Enprime