2021
Kisa Sovè nou an te fè pou nou?
Me 2021


“Kisa Sovè Nou an te fè pou nou?,” Pou Fòs Jèn yo, Me 2021.

Sesyon Prètriz

Kisa Sovè nou an te fè pou nou?

Ekstrè

Imaj
Tonbo vid Kris la

Kisa Jezikri te fè pou nou chak? Li te fè tout bagay ki esansyèl pou vwayaj nou atravè mòtalite a pou n al nan destine ki te planifye nan plan Pè Selès nou an. M pral pale sou kat karakteristik prensipal nan plan sa a. …

Rezirèksyon an ba nou vizyon ak fòs pou nou andire difikilte nan mòtalite a ke nou chak ak moun nou renmen yo ap rankontre. Li ba nou yon nouvo fason pou nou wè pwoblèm fizik, mantal, osa emosyonèl nou genyen nan nesans yo oswa nou akeri pandan lavi nou nan mòtalite a. Li ba nou fòs pou nou andire chagren, echèk, ak fristrasyon.

Rezirèksyon an ba nou yon gwo ankourajman pou nou kenbe kòmandman Bondye yo pandan lavi nou nan mòtalite a. …

Sovè ak Redanmtè nou an te andire soufrans enkonpreyansib pou L te ka vin tounen yon sakrifis pou peche tout moun ki repanti. Sakrifis ekspyatwa sa a te ofri timouton sa ki pi bon an, ki san tach la, pou dènye nivo mal la, peche tout mond lan. …

… Jezi te anseye nou plan sali a. Plan sa a enkli Kreyasyon an, bi lavi a, nesesite pou opozisyon an, ak don libabit la. Li te anseye nou kòmandman ak alyans nou dwe obeyi yo tou ak òdonans nou dwe suiv pou nou ka retounen al jwenn paran selès nou yo. …

Sovè nou an santi epi konnen tantasyon nou yo, lit nou yo, chagren nou yo, ak soufrans nou, paske Li te volontèman sibi yo tout kòm yon pati nan Ekspyasyon L lan. … Moun k ap soufri tout kalite enfimite nan mòtalite a ta dwe sonje ke Sovè nou an te travèse kalite doulè sa a tou epi, gras ak Ekspyasyon an, L ap ba nou chak fòs pou nou sipòte li.

Enprime