2021
Kris la Resisite; Lafwa nan Li pral fè montay deplase
Me 2021


Mesaj Mansyèl Lyawona, Me 2021

Kris la Resisite; Lafwa nan Li pral deplase montay

Lafwa nan Jezikri se pi gwo pouvwa ki disponib pou nou nan lavi sa a. Tout bagay posib pou moun ki kwè.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou privilèj mwen genyen pou m pale avèk nou nan jou Dimanch Pak sa a. 1 Sakrifis ekspyatwa ak Rezirèksyon Jezikri a chanje lavi nou chak ajamè. Nou renmen Li epi avèk rekonesans, nou adore Li ak Pè Selès nou an.

Pandan sis mwa ki sot pase yo, nou te kontinye ap lite anba yon pandemi global. Mwen emèveye devan rezistans nou ak fòs spirityèl nou anfas maladi, pèt, ak izolman. Mwen priye san rete pou ke, atravè tout bagay sa yo, nou santi lanmou inebranlab Senyè a pou nou. Si nou te andire eprèv nou yo avèk yon pi gran angajman kòm disip, ane sa a ki pase a p ap anven.

Maten an, nou te tande dirijan Legliz ki soti nan chak kontinan ki peple sou tè a. Vrèman, benediksyon levanjil yo la pou tout ras, lang ak pèp. Legliz Jezikri a se yon legliz mondyal. Jezikri se lidè nou.

Erezman, menm yon pandemi pa kapab ralanti avansman verite L la. Levanjil Jezikri a se egzakteman sa nou bezwen nan mond plen konfizyon, kontansyon, ak fatigan sa a.

Chak pitit Bondye merite gen opòtinite pou l tande ak aksepte mesaj gerizon ak redanmsyon Jezikri a. Pa gen okenn lòt mesaj ki pi enpòtan pou bonè nou—kounyea e pou tout tan. 2 Pa gen okenn lòt mesaj ki pi ranpli ak espwa. Pa gen okenn lòt mesaj ki ka elimine kontansyon nan sosyete nou an.

Lafwa nan Jezikri se fondasyon tout kwayans ak kanal pou pouvwa diven. Selon Apot Pòl, “Nou konnen pèsonn pa ka fè [Bondye] plezi:paske moun ki vle pwoche bò kot Bondye dwe kwè ke se li, epi ke l ap rekonpanse tout moun k ap chèche l avèk dilijans.” 3

Tout bagay ki bon nan lavi a—chak bonjan benediksyon ki gen siyifikasyon etènèl—kòmanse ak lafwa. Pèmèt Bondye gen priyorite nan lavi nou kòmanse ak lafwa ke Li dispoze pou gide nou. Vrè repantans kòmanse ak lafwa ke Jezikri gen pouvwa pou pwòpte, geri, ak fòtifye nou. 4

“Pa nye pouvwa Bondye,” pwofèt Mowoni te deklare,“paske li travay avèk pouvwa, dapre lafwa pitit lèzòm yo.” 5 Se lafwa nou ki fè pouvwa Bondye devèse nan lavi nou .

Men, egzèse lafwa gendwa parèt difisil. Pafwa nou ka petèt mande si nou ka gen posiblite rasanble lafwa ase pou nou resevwa benediksyon nou si dezespereman bezwen yo. Sepandan, Senyè a kalme krent sa yo atravè pawòl pwofèt Alma nan Liv Mòmon an.

Imaj
Semans gren moutad

Alma mande nou senpleman pou nou eksperimante pawòl la epi “egzèse yon ti kras lafwa, wi, menm si [nou] sèlman vle kwè.” 6 Fraz “yon ti kras lafwa” a raple m pwomès Senyè a nan Bib la ki di si nou “gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad,” nou t ap kapab di mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas; epi pa gen anyen nou pa ta kapab fè.” 7

Imaj
Zwazo nan mitan semans moutad

Senyè a konprann feblès nou nan mòtalite a. Nou tout ap febli pafwa. Men Li konn gwo potansyèl nou tou. Grenn moutad la kòmanse tou piti men li grandi vin tounen yon pyebwa ki gran ase pou zwazo fè nich nan branch li. Grenn moutad la reprezante yon ti lafwa piti men ki ap grandi . 8

Senyè a pa mande yon lafwa pafè pou nou ka gen aksè nan pouvwa pafè Li. Men Li mande nou pou nou kwè.

Chè frè m ak sè m yo, egzòtasyon m pou nou nan maten Pak sa a se pou kòmanse jodia pou ogmante lafwa nou. Atravè lafwa nou, Jezikri ap ogmante kapasite nou pou nou deplase montay nan lavi nou, 9 menmsi pwoblèm pèsonèl nou yo ka parèt menm lajè ak Mòn Everest.

Montay nou yo se kapab solitid, dout, maladi, oswa lòt pwoblèm pèsonèl. Montay nou yo ap varye, men, repons pou chak nan pwoblèm nou se ogmante lafwa nou. Sa mande travay. Moun ki parese yo ak disip ki neglijan yo ap toujou gen difikilte pou yo jwenn menm yon ti kras lafwa.

Pou nou fè nenpòt bagay byen, sa mande efò. Vin yon vrè disip Jezikri pa fè eksepsyon nan sa. Ogmante lafwa nou ak konfyans nou nan Li mande anpil efò. Kite m ofri nou senk sigjesyon pou ede nou devlope lafwa ak konfyans sa a.

Premyèman, etidye. Se pou ou vin yon apranti ki angaje. Plonje tèt ou nan ekriti yo pou w ka pi byen konprann misyon ak ministè Kris la. Aprann doktrin Kris la pou w ka konprann pouvwa l pou lavi ou. Entegre nan ou verite ki di Ekspyasyon Jezikri a aplike pou ou yo. Li te pran sou tèt Li mizè w, erè w yo, feblès ou yo, ak peche w yo. Li te peye pri reparasyon an epi Li ba ou pouvwa pou w ka deplase chak montay w ap gen pou w rankontre. Ou jwenn pouvwa sa a avèk lafwa, konfyans, ak dispozisyon w pou w suiv Li.

Deplase montay ou yo kapab mande yon mirak. Aprann konsènan mirak. Mirak vini selon lafwa w nan Senyè a. Nan sant lafwa sa a genyen mete konfyans nan Li ak nan tan ke L fikse—kijan ak kilè L ap beni w avèk èd mirakile ou ta vle a. Se sèl enkwayans ou ki ka anpeche Bondye beni w avèk mirak pou w deplase montay nan lavi w yo. 10

Plis ou aprann konsènan Sovè a, se plis l ap pi fasil pou w mete konfyans nan mizèrikòd Li, nan amou enfini Li, ak pouvwa Li pou ba w fòs, gerizon, ak rachte ou. Sovè a pa janm pi pre w pase lè w ap fè fas oubyen lè w ap monte yon montay avèk lafwa.

Dezyèmman, chwazi pou w kwè nan Jezikri. Si w gen dout sou Bondye Papa a ak Pitit Gason Byeneme L la, oubyen sou reyalite Retablisman an oswa verasite apèl diven Joseph Smith kòm pwofèt la, chwazi pou w kwè 11 epi rete fidèl. Pote kesyon w yo bay Senyè a ak lòt sous ki fidèl. Etidye avèk dezi pou w kwè olye de espwa ke w ka jwenn yon fot nan fabrik lavi yon pwofèt oubyen yon kontradiksyon nan ekriti yo. Sispann ogmante dout ou nan repase yo avèk lòt moun ki doute. Kite Senyè a dirije w nan vwayaj dekouvèt spirityèl ou a.

Twazyèmman, aji ak lafwa. Kisa w t ap fè si w te gen plis lafwa? Panse sou sa. Ekri sou sa. Apresa resevwa plis lafwa nan fè yon bagay ki mande plis lafwa.

Katriyèmman, pran òdonans sakre yo diyman. Òdonans yo delòk pouvwa Bondye nan lavi ou. 12

Epi, senkyèmman, mande Pè Selès la, nan non Jezikri, pou L ede ou.

Lafwa mande travay. Resevwa revelasyon mande travay. Men, “chak moun ki mande, resevwa; e moun ki frape y ap louvri pou li.” 13 Bondye konn kisa k ap ede lafwa w grandi. Mande, epi apresa mande ankò.

Yon moun ki enkwayan gendwa di lafwa se pou moun ki fèb. Men deklarasyon sa a neglije pouvwa lafwa a. Èske Apot Sovè a yo t ap kontinye anseye doktrin Li a apre lamò Li, malgre lavi yo te an peril, si yo te gen dout konsènan Li? 14 Èske Joseph ak Hyrum Smith t ap soufri lanmò mati pou defann Retablisman Legliz Senyè a si yo pa t gen yon temwayaj sèten ke sete verite? Èske prèske 2.000 Sen t ap mouri sou wout nan vwayaj pyonye yo 15 si yo pa t gen lafwa ki te fè yo konnen ke levanjil Jezikri a te retabli? Vrèman, lafwa se pouvwa ki pèmèt bagay ki enpwobab akonpli sa ki enposib.

Pa minimize lafwa w deja genyen an. Sa mande lafwa pou antre nan Legliz la epi rete fidèl. Sa mande lafwa pou w suiv pwofèt yo olyede kritik ak opinyon popilè. Sa mande lafwa pou w sèvi yon misyon pandan yon pandemi. Sa mande lafwa pou w viv yon lavi chastete lè mond lan ap deklare byen fò ke lwa chastete Bondye a se yon bagay ki demode kounyea. Sa mande lafwa pou w anseye timoun levanjil la nan yon mond pwofàn. Sa mande lafwa pou w priye pou lavi yon moun ki chè pou ou, e menm plis lafwa pou w aksepte yon repons ki deranje ou.

Sa gen dezan, Sè Nelson avèk mwen te vizite Samoa, Tonga, Fiji, ak Tahiti. Chak nan nasyon zile sa yo te anba gwo lapli pandan plizyè jou. Manm yo te jene ak priye pou reyinyon yo t ap fè deyò yo te pwoteje kont lapli a.

Nan Samoa, Fiji, ak Tahiti, apèn reyinyon yo te kòmanse, lapli a te sispann. Men nan Tonga, lapli a pa t sispann. Epoutan, 13.000 Sen fidèl te vini bonè pou yo te ka jwenn yon plas, epi yo te tann avèk pasyans anba yon gwo lapli, epi apresa yo te chita tou mouye pandan yon reyinyon dezèdtan.

Imaj
Sen Tonga yo nan lapli a

Nou te wè lafwa vibran ap travay pami chak moun nan zile sa yo—lafwa ki te ase pou te stope lapli, ak lafwa pou yo te pèsevere lè lapli a pa t sispann.

Montay nan lavi nou yo p ap toujou deplase fason nou ta renmen oubyen lè nou ta renmen yo deplase a. Men lafwa nou ap toujou pouse nou annavan. Lafwa toujou ogmante aksè a pouvwa diven.

Tanpri konnen ke: si nenpòt lòt bagay ak nenpòt lòt moun nan mond lan ou fè konfyans ta echwe, Jezikri ak Legliz Li a p ap janm fè w echwe. Senyè a pa janm kabicha, ni Li pa janm dòmi. 16 Li “se menm nan yè, jodia, ak [demen].” 17 Li pa p janm bliye alyans Li, 18 pwomès Li, oswa lanmou Li pou pèp Li a. Li fè mirak jodia e Li pral fè mirak demen. 19

Lafwa nan Jezikri se pi gwo pouvwa ki disponib pou nou nan lavi sa a. Tout bagay posib pou moun ki kwè. 20

Lafwa grandisan ou nan Li pral deplase montay—non pa montay wòch ki anbeli tè a men montay mizè nan lavi w yo. Lafwa w k ap fleri pral ede ou pou fè pwoblèm ou yo vin tounen pwogresyon ak opòtinite ki san parèy.

Nan Dimanch Pak sa a, avèk santiman lanmou m ak gratitid pwofon, m ap deklare temwayaj mwen ke Jezikri vrèman resisite. Li resisite pou dirije Legliz Li a. Li resisite pou beni lavi tout pitit Bondye, kèlkeswa kote y ap viv. Avèk lafwa nan Li, nou ka deplase montay nan lavi nou yo. Mwen temwanye konsa nan non sakre Jezikri, amèn.

Espas Kredi pou Imaj

Enprime