2021
Non Legliz Li a
Oktòb 2021


“Non Legliz Li a,” Pou Fòs Jèn yo, Oktòb 2021.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Oktòb 2021

Non Legliz Li a

Gen yon siyifikasyon dèyè non Jezikri te bay Legliz Li a.

Imaj
Jezikri antanke Bon Bèje

legliz mwen an

Legliz—yon gwoup moun ki kwè nan menm bagay yo epi ki adore ansanm. Legliz sa a se pou Jezikri. Li te kòmanse li. Li dirije li. Li rele Li chè mèt chè metrès.

ki rele

Jezikri te di nou kijan Li vle moun rele Legliz Li a. Kidonk, se konsa nou dwe rele li—epi se konsa nou dwe jantiman mande lòt moun pou yo rele li. Non sa a te soti nan Jezikri.

dènye jou yo

Dènye jou yo—jou n ap viv yo; tan avan Dezyèm Vini Jezikri a. Jezikri te retounen Legliz Li a sou latè pou dènye fwa sa a. L ap ede mond lan prepare pou Dezyèm Vini L la.

Legliz Jezikri

(Gade “legliz mwen an.”) Sa a se premye pati nan non Sovè a te bay Legliz Li a. Li rele l “Legliz” paske Li te òganize li. Epi li te mete non L sou li.

Dènye jou

(Gade “dènye jou.”) Sa a se lòt pati nan non Legliz la. Li senpleman montre ke sa a se Legliz Li te pote tounen nan jou sa yo, se pa sa Li te kòmanse nan tan avan yo.

Sen

Sen—yon mo ki vle di “moun ki sen.” Sa a se dènye pati nan non Legliz la. Li pale de manm Legliz yo. Jezikri kapab ede nou vin pwòp ak san peche. Epi Li ban nou Sentespri a pou ranfòse nou pandan n ap eseye fè sa Li kòmande yo. Si nou gen lafwa nan Li epi nou kontinye eseye, L ap fè nou vin sen. L ap fè nou vin Sen.

Enprime