2022
Aprann konnen Jezikri epi Jwenn Aksè nan Pouvwa Li
Septanm 2022


“Aprann konnen Jezikri epi Jwenn Aksè nan Pouvwa Li,” Pou Fòs Jèn yo, Sept. 2022.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Septanm 2022

Aprann konnen Jezikri epi Jwenn Aksè nan Pouvwa Li

M ta renmen pataje kijan nou kapab atire pouvwa Senyè ak Mèt nou an, Jezikri nan lavi nou.

Nou kòmanse lè nou aprann konnen sou Li.1 “Li enposib pou [nou] sove nan inyorans” (Doktrin ak Alyans 131:6). Plis nou konprann doktrin Sovè a ak sa Li te fè pou nou, se plis n ap konnen Li kapab ba nou pouvwa nou bezwen pou lavi nou an.

Antanke Sen Dènye Jou, nou rele misyon L la Ekspyasyon Jezikri, ki fè rezirèksyon an vin yon reyalite pou tout moun epi ki fè lavi etènèl posib pou sila ki repanti pou peche yo epi ki resevwa ak respekte òdonans ak alyans esansyèl yo.

Selon gwo plan etènèl Papa a, li se Sovè ki te soufri a. Li se Sovè ki kase chenn lanmò a. Li se Sovè ki te peye pou peche ak transgresyon nou yo epi ki efase yo a kondisyon pou nou repanti. Li se Sovè ki delivre nou anba lanmò fizik ak espirityèl.

Tèm sakre tankou Ekspyasyon ak Rezirèksyon dekri sa Sovè a te fè, selon plan Papa a, pou nou kapab viv avèk espwa nan lavi sa a epi genyen lavi etènèl nan mond k ap vini an.

Enprime