2010–2019
Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou
Avril 2018


2:3

Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou

Nan jou k ap vini yo, nou p ap kapab siviv spirityèlman si nou pa gen enfliyans gidan, rekonfòtan, ak konstan Sentespri a.

Ala yon privilèj ekstraòdinè sa te ye pou n te selebre Pak avèk nou jou Dimanch konferans jeneral sa a! Anyen pa ta ka pi byen tonbe pase selebre evenman k pi enpòtan ki te janm rive sou tè sa a nan adore pèsonaj ki pi enpòtan k te janm mache sou tè sa a. Nan Legliz sa a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, nou adore limenm ki te kòmanse Sakrifis Ekspyatwa enfini l la nan Jaden Jetsemani an. Li te volontèman soufri pou peche ak feblès nou chak, sa k te lakoz li te “senyen nan tout twou syè nan kò li.” Yo te krisifye l sou kwa Kalvè a epi l te leve sou twazyèm jou a kòm premye moun nan pitit Papa nou ki nan syèl la ki te resisite. Mwen renmen li e m te mwaye ke li vivan! Se limenm k ap dirije ak gide Legliz li a.

San Ekspyasyon enfini Redanmtè nou an, okenn nan nou pa t ap gen espwa retounen al jwenn Pè Selèa la. San Rezirèksyon l lan, lanmò se t ap fen tout bagay. Ekspyasyon Sovè nou an rann lavi etènèl yon posiblite e imòtalite yon reyalite pou tout moun.

Se gras ak misyon ekstraòdinè l la ak lapè l akòde moun k ap suiv li yo ke madanm mwen, Wendy, avèk mwen te santi rekonfò jou swa 2 Janvye 2018 la lè nou te reveye pa yon apèl telefòn ki te fè n konnnen Prezidan Thomas S. Monson te travèse vwal la.

Prezidan Russell M. Nelson ak Prezidan Thomas S. Monson

O ala nou sonje Prezidan Monson! Nou onore lavi li ak eritaj li. Yon jeyan spirityèl, li kite yon tras inoubliyab sou tout moun ki te konnen l ak sou Legliz la l te renmen an.

Jou Dimanch 14 Janvye 2018 la, nan chanm wot Tanp Salt Lake la, yo te reyòganize Premye Prezidans lan selon chema senp e sakre ki etabli pa Senyè a. Apresa, nan yon asanble solanèl yè maten, manm Legliz toupatou nan mond lan te leve men yo pou konfime premye aksyon Apot yo te fè a. Mwen enbleman rekonesan pou soutyen nou.

Mwen rekonesan anpil pou moun ki te pase anvan yo tou. M te gen privilèj pou m te sèvi nan Kolèj Douz Apot yo pandan 34 tran e pou m te pèsonèlman konn 10 nan 16 ansyen Prezidan Legliz yo. M te aprann anpil nan men yo chak.

Mwen dwe zansèt mwen yo anpil tou. Yuit nan aryè gran paran m yo te konvèti nan Legliz la an Ewòp. Yo chak sete moun vanyan ki te sakrifye tout bagay pou yo te vin nan Siyon. Men, nan jenerasyon k t vin apre yo, se pa tout nan zansèt mwen yo ki te rete osi angaje. Akoz desa, mwen pa t grandi nan yon fwaye santre sou levanjil.

Paran Prezidan Nelson
Fanmi Prezidan Nelson lè l te piti

M te renmen paran m anpil. Yo te reprezante mond lan pou mwen epi yo te anseye m dè leson enpòtan. M p ap janm ka remèsye yo ase pou bèl lavi yo te kreye pou mwen ak frè ak sè m yo nan fwaye nou. Men, menm pandan m te tou piti, m te santi m te manke yon bagay. You jou, m te monte nan yon taksi epi m t al nan yon libreri Legliz la pou m te ka jwenn yon liv sou Legliz la. M te renmen aprann osijè levanjil la.

Amezi m t ap vin konprann Pawòl Sajès la, m te anvi pou paran m viv lwa sa a. Konsa, yon jou, pandan m te trè jèn, m t al nan sousòl nou an epi m te kraze tout boutèy likè k te gen nan kay la sou siman an! M te panse papa m t ap pini m, men, li pa t janm di yon mo.

Amezi m t ap vin gen matirite epi m te kòmanse konprann grandè plan Pè Selès la, m te souvan di tèt mwen: “M pa vle okenn kado Nwèl ankò! M jis bezwen sele avèk paran m!” Evenman sa a m t ap tann si lontan an pa t rive pazavan paran m te depase 80 tan, men l te rive kanmèm. M pa ka di nou ki lajwa m te santi jou sa a. epi, m kontinye santi lajwa sa a chak jou lè m sonje ke yo sele avèk mwen epi m sele avèk yo.

Russell ak Dantzel Nelson

An 1945, pandan m te nan lekòl medsin, m te marye avèk Dantzel White nan Tanp Salt Lake la. Limenm avèk mwen te gen benediksyon pou n te fè nèf bèl pitit fi ak yon presye pitit gason. Jodia fanmi nou ki kontinye ap grandi se youn nan pi gwo lajwa nan lavi m.

Prezidan Nelson ak Sè Nelson ak pitit fi yo
Prezidan Nelson ak pitit gason li

An 2005, aprè prèske 60 tan maryaj, chè Dantzel mwen an te travèse vwal la sanzatann. Pandan yon tan, doulè te prèske paralyze mwen. Men mesaj Pak la ak pwomès rezirèksyon an te soutni m.

Wendy ak Russell Nelson

Epi, Senyè a te mennen Wendy Watson bò kote m. Nou te sele nan Tanp Salt Lake la 6 Avril 2006. Mwen renmen l anpil! Li se yon fi ekstraòdinè---yon gwo benediksyon pou mwen, pou fanmi nou, ak pou tout Legliz la.

Chak nan benediksyon sa yo te vini kòm rezilta chèche ak koute enspirasyon Sentespri a. Prezidan Lorenzo Snow te di: “Sa se gwo privilèj chak Sen Dènye Jou … privilèj pou n gen manifestasyon Lespri a chak jou nan lavi nou an.”

Youn nan bagay Lespri a toujou mete nan lespri m depi fin aple kòm Prezidan Legliz la se kijan Senyè a dispoze pou l revele volonte li. Privilèj pou resevwa revelasyon an se youn nan pi gwo kado Bonde bay pitit li.

Atravè manifestasyon Sentespri yo, Senyè a ap ede nou nan tout bagay ki jis n ap chèche. Nan yon sal operasyon, m te kanpe ap opere yon malad—san m pa t menm sèten kijan pou m fè yon operasyon moun potko janm fè anvan sa—epi m te fè eksperyans kote Sentespri a te fè demonstrasyon teknik la nan lespri m.

Pou m te bay pwopozisyon maryaj m te fè Wendy a plis pwa, m te di l: “M konn kisa revelasyon ye e m konn kijan pou m resevwa li.” Pou merit li—e, jan m vin aprann, se tipik lakay li—li te deja chèche e resevwa pwòp revelasyon pa l osijè nou, sa k te ba l kouraj pou l te di wi.

Pandan m te manm Kolèj Douz Apot yo, m te konn priye chak jou pou revelasyon e m te toujou remèsye Senyè a chak fwa l te pale nan kè m ak nan lespri m.

Imajine mirak sa a! Kèlkeswa apèl nou nan Legliz la, nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la e resevwa gidans ak direksyon, nou ka resevwa avètisman kont danje ak distraksyon, epi jwenn posiblite pou n akonpli bagay nou senpleman pa t ap ka fè poukont nou. si nou vrèman resevwa Sentespri a e aprann disène ak konprann chichotman l yo, n ap gide nan tout bagay gwo oubyen piti.

Lè m te anfas tach difisil pou m te chwazi de konseye m yo, m t ap mande tèt mwen kijan m ta ka posibman chwazi de sèlman nan douz moun mwen renmen ak respekte sa yo.

Paske m konnen bon enspirasyon baze sou bon enfòmasyon, m te rankontre chak Apot youn pa youn, nan yon espri lapriyè. Apresa m te fèmen kò m nan yon sal prive nan tanp lan pou m te chèche konn volonte Senyè a. Mwen temwaye ke Senyè a te ban m enstriksyon pou m te chwazi Prezidan Dallin H. Oaks ak Prezidan Henry B. Eyring pou sèvi kòm konseye m nan Premye Prezidans lan.

Menmjan tou, mwen temwaye ke Senyè a te enspire apèl Èldè Gerrit W. Gong ak Èldè Ulisses Soares yo pou òdone yo kòm Apot li. Mwenmenm avèk nou swete yo byenveni nan fratènite sèvis san parèy sa a.

Lè nou reyini nan yon Konsèy Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo, sal reyinyon nou yo vin tounen sal revelasyon. Lespri a klèman prezan. Pandan n ap lite avèk sijè konplèks yo, yon pwosesis eksitan deplwaye pandan chak Apot libreman eksprime panse l ak pwendvi li. Menmsi nou gen opinyon diferan pou kòmanse, lanmou nou santi youn pou lòt la konstan. Inite nou ede n disène volonte Senyè a pou Legliz li a.

Nan reyinyon nou yo, pa gen majorite ki ranpòte! Nan yon espri lapriyè, nou youn koute lòt epi nou youn pale ak lòt jiskaske nou jwenn inite a. Apresa, lè nou rive nan yon akò total, enfliyans inifyan Sentespri a trè fò anpil. Nou fè eksperyans sa Pwofèt Joseph Smith te konnen lè l te anseye: “Se nan inite nou jwenn pouvwa avèk Bondye.” Okenn manm nan Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo pap janm repoze sou jijman pèsonèl pa l pou l pran desizyon pou Legliz Senyè a!

Frè m ak sè m yo, kijan nou ka vin gason ak fi—sèvitè kretyen—Senyè a bezwen nou ye a? Kijan nou ka jwenn repons pou kesyon k ap ba nou konfizyon yo? Si eksperyans ekstraòdinè Joseph Smith la nan Boskè Sakre a anseye nou yon bagay, se sa a: syèl la louvri epi Bondye pale avèk pitit li.

Pwofèt Joseph Smith etabli yon model pou nou suiv nan rezoud kesyon nou yo. Pouse pa pwomès Jak la ki di si nou manke bon konprann se pou nou mande Bondye a, Joseph, tigason, te pote kesyon l lan dirèkteman bay Pè Selès la. Li te chèche revelasyon pèsonèl, epi rechèch li a te louvri dènye dispansasyon sa a.

Menmjan tou, kisa rechèch ou pral louvri pou ou? Ki bon konprann ou manke? Kisa w santi k ijan pou w konnen oubyen konprann? Suiv egzanp Pwofèt Joseph la. Chèche yon lye trankil kote w ka ale regilyèman. Bese tèt ou devan Bondye. Devèse kè w bay Papa nou ki nan Syèl la. Tounen vè li pou w ka jwenn repons ak rekonfò.

Priye nan non Jezikri osijè enkyetid ou, krent ou, feblès ou—wi, pou tout dezi kè w. Epi apresa, koute! Ekri panse k vin nan lespri ou. Ekri sa w santi epi suiv yo atravè aksyon w santi w dwe antreprann. Si w repete pwosesis sa a jou apre jou, mwa apre mwa, ane apre ane, w ap “ka pwogrese nan prensip revelasyon an.”

Èske Bondye reyèlman vle pale avèk ou? Wi! “Si se pa sa, lòm te ka toutosibyen lonje bra chetif li pou rete rivyè Missouri a nan wout ki te dekrete pou li a … si l ta ka anpeche Toupisan an vide konesans desann soti nan syèl la sou tèt Sen dènye jou yo.”

Nou pa bezwen kraze tèt nou osijè sa k se verite. Nou pa bezwen ap mande kiyès nou ka kwè. Atravè revelasyon pèsonèl, nou ka resevwa pwòp temwayaj pa nou ke Liv Mòmon an se pawòl Bondye, ke Joseph Smith se yon pwofèt, epi sa a se Legliz Senyè a. Kèlkeswa sa lòt moun ka di ou pa, okenn moun p ap ka janm retire yon temwayaj nou resevwa nan kè nou ak nan lespri nou konsènan laverite.

Mwen egzòte nou pou n ogmante kapasite spirityèl nou pou resevwa revelasyon pèsonèl la, paske Senyè a pwomèt “Si nou mande, n ap resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans, pou nou kapab konnen mistè ak bagay pezib—ki pote lajwa, ki pote lavi etènèl.”

Gen sitèlman plis bagay Papa nou ki nan Syèl la vle nou konnen. Jan Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Pou moun ki gen je pou yo wè ak zòrèy pou yo tande yo, li klè ke Papa a ak Pitit la devwale sekrè inivè yo!”

Pa gen ayen k louvri pòt syèl yo pi byen pase konbinezon pite, obeyisans egzat, rechèch sensè, fè festen chak jou avèk pawòl Kris yo ki nan Liv Mòmon an, ak angajman regilye pou n fè travay tanp ak istwa familyal.

Sètènman ka gen anpil moman kote nou santi se kòmsi syèl la fèmen. Men, mwen pwomèt ke si nou kontinye obeyi, eksprime rekonesans nou pou chak benediksyon Senyè a ba nou, epi, si nou tann moman pa Senyè a avèk pasyans, n ap resevwa konesans ak konpreyansyon n ap chèche a. Chak benediksyon Senyè a gen pou nou—menm mirak—ap vini. Sa se sa revelasyon pèsonèl ap fè pou nou.

Mwen optimis osijè demen. L ap ranpli ak posiblite pou nou chak pwogrese, kontribye, ak pote levanjil la nan chak kwen tè a. Men, m konsyan de jou k ap vini yo tou. N ap viv nan yon mond ki konplèks ki plis anplis plen litij. Disponiblite medya sosyal ak yon frekans nouvèl 24 sou 24 ap bonbade nou avèk mesaj san rete. Si nou vle gen espwa dekouvri kisa k valab nan tout pil vwa ak filozofi lèzòm sa yo k ap atake laverite a, nou bezwen aprann resevwa revelasyon.

Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, ap akonpli kèk nan travay ki pi puisan l yo ant kounyeya ak lè l ap vini ankò a. Nou pral wè anpil bagay k ap endike nou ke Bondye Papa a ak Pitit Gason l la, Jezikri, ap prezide sou Legliz sa a nan majeste ak laglwa. Men nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gidans, direksyon, ak enfliyans rekonfòtan ak konstan Sentespri a.

Chè frè ak sè byeneme m yo, mwen priye nou pou n ogmante kapasite spirityèl nou pou n resevwa revelasyon an. Se pou Dimanch Pak sa a tounen yon moman desizif nan lavi nou. Chwazi pou n fè travay spirityèl sa mande pou n jwi don Sentespri a ak tande vwa Lespri a pi souvan e pi klèman.

Avèk Mowoni, m ap egzòte nou nan Jou Saba Pak sa a pou nou “vin jwenn Kris la, e pou nou kenbe tout bon don,” kòmanse avèk don Sentespri a, ki se don ki kapab e ki ap chanje lavi nou.

Nou se disip Jezikri. Verite k pi enpòtan Sentespri a ap janm temwaye nou se sa a: Jezi se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an. Li vivan! Li se Avoka nou bò kot Papa a, Egzanp nou, ak Redanmtè nou. Nan jou Dimanch Pak sa a, n ap komemore sakrifis ekspyatwa l la, Rezirèksyon literal li, ak divinite li.

Sa a se Legliz li, ke l te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith. Konsènan sa mwen temwaye, avèk ekspresyon lanmou m pou nou chak, nan non sakre Jezikri, amèn.