2011
Pedale antre nan lavni
janvye 2011


Jèn yo

Pedale antre nan lavni

Anpil nan jènjan yo prepare finansyèman pou sèvi yon misyon. An Afrik, yon pati nan preparasyon sa a se fè ase lajan pou yon paspò. Sedrick Tshiambine te fè lajan li te bezwen an nan yon fason orijinal: li te vann fig sou yon bisiklèt.

Sedrick ap viv nan Luputa, Repiblik Demokratik Kongo. Li se youn nan 45 jènjan nan distri Luputa a ki ap travay pou ekonomize lajan pou yon fè yon paspò pou al nan misyon. Nan Repiblik Demokratik Kongo, yon paspò koute 250 dola, ki se apeprè detyè nan pri pou bati yon kay.

Men Sedrick pa t dekouraje. Li te fè lajan misyon li nan kondi yon bisiklèt sou 15–30 kilomèt (9–19 mil) soti Luputa pou ale nan ti vilaj yo, kote li te achte fig, epi apresa li pedale retounen travèse savann Afriken plen chalè a, bisiklèt li byen lou anba fwi yo pou l al vann lavil la. Chak semèn li te vwayaje apeprè 180 kilomèt (112 mil) sou wout tè yo, e sèlman yon fwa li te gen pwoblèm ak chay li te pote a.

Pou efò li yo Sedrick te benefisye apeprè $1.25 pa semèn, oswa $65.00 pou yon ane. Sa te pran l katran pou l te ekonomize ase lajan pou achte paspò li a, men kounyeya li konnen pwojè lavni li enkli yon misyon aplentan paske li pare finansyèman pou reponn ak apèl pou sèvi a.

Enprime