2011
Senyè a bezwen misyonè
janvye 2011


Mesaj Premye Prezidans, Janvye 2011

Senyè a bezwen misyonè

Mwa Oktòb ki sot pase a, nan konferans jeneral, la mwen te mande pou gen plis misyonè Tout jènjan diy, ki kapab, ta dwe prepare yo pou sèvi yon misyon. Sèvis sa a se yon devwa prètriz—yon obligasyon Senyè a atann nan men nou menm ki te resevwa si anpil la. Jènjan, mwen egzòte nou pou n prepare pou sèvi kòm misyonè. Kenbe tèt nou pwòp ak pi ak diy pou reprezante Senyè a. Prezève sante nou ak fòs nou. Etidye ekriti yo. Kote sa disponib, patisipe nan seminè ak enstiti. Familyarize nou avèk manyèl misyonè Preche levanjil mwen an.

Sè yo, pandan ke nou pa gen menm responsablite prètriz avèk jènjan yo pou sèvi kòm misyonè aplentan, nou menm tou nou pote yon kontribisyon valab antanke misyonè, e nou apresye sèvis nou.

Pou frè ak sè adilt yo nan Legliz la, mwen raple nou ke Senyè a bezwen anpil, anpil plis nan nou pou sèvi kòm misyonè aplentan. Si nou poko rive nan sezon lavi nou pou n sèvi kòm koup misyonè, mwen egzòte nou pou nou prepare kounyeya pou jou kote, si sikonstans nou pèmèt nou, nou menm ak konjwen nou kapab fè sa. Pa gen anpil moman nan lavi nou kote nou pral jwi lespri ak satisfaksyon agreyab ki vini nan bay sèvis aplentan ansanm nan travay Senyè a.

Kounyeya, gen kèk nan nou ki kapab nòmalman timid oubyen ki konsidere tèt nou pa alawotè pou reponn wi ak apèl pou sèvi a. Sonje ke sa a se travay Senyè a, epi lè nou nan travay Senyè a, nou gen dwa ak èd Senyè a. Senyè a ap fòtifye do a pou l kapab pote chay yo plase sou li a.

Gen lòt moun ki, malgre yo diy pou sèvi, kapab santi ke yo gen priyorite ki pi enpòtan. Mwen sonje pwomès Senyè a: “Moun ki onore mwen, m ap onore yo” (1 Samyèl 2:30). Okenn nan nou pa p onore Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an plis pase lè nou sèvi kòm yon misyonè devwe, konpatisan.

Yon egzanp nan kalite sèvis sa a sete eksperyans misyonè Juliusz ak Dorothy Fussek, ki te aple pou sèvi yon misyon nan Polòy. Frè Fussek te fèt nan Polòy. Li te pale lang nan. Li te renmen moun yo. Sè Fussek te fèt an Angletè e li pa t konn anpil bagay sou Polòy e anyen sou pèp li a. Konfyan nan Senyè a, yo te anbake nan tach yo a. Travay la te depriman, tach yo te anpil. Nan epòk sa a pa t ko gen yon misyon ki te etabli nan Polòy. Yo te bay Fussek yo tach pou prepare wout pou yon misyon kapab vin etabli.

Èske Èldè ak Sè Fussek te dezespere akoz enòmite tach yo a? Non, pa yon moman. Yo te konnen apèl yo a te soti nan men Bondye. Yo te priye pou jwenn èd divin ni, epi yo te lage tout yo menm totalman nan travay yo.

Lè moman an te rive, Èldè Russell M. Nelson nan Kolèj Douz Apot yo; Èldè Hans B. Ringger, ki te nan Swasanndis yo lè sa a; ansanm avèk mwen, akonpaye pa Èldè Fussek, te rankontre ak minis Zafè Relijye gouvènman Polonè a, Adam Wopatka. Nou te tande l di: “Legliz nou an byenveni isit la. Nou gen dwa bati bilding nou yo; nou gen dwa voye misyonè nou yo. Mesye sa a,” pandan l t ap montre Juliusz Fussek, “te sèvi legliz nou an byen. Nou mèt rekonesan pou egzanp li ak travay li.”

Menmjan ak Fussek yo, an nou fè sa nou dwe fè nan travay Senyè a. Lè sa a, nou kapab, avèk Juliusz ak Dorothy Fussek, repete Sòm sa a:

“Sekou mwen soti nan men Senyè, ki fè syèl la ak tè a.

“… Li pap kite pye ou chape.

“Moun k ap veye sou pèp Izrayèl la pap janm kabicha, li pap dòmi” (Sòm 121:2–4)

Ansèyman apati mesaj sa a

Ansèyman, pa gen pi gwo apèl deklare: “Pataje yon eksperyans pèsonèl sou fason viv yon prensip levanjil te beni lavi ou. Envite moun w ap anseye yo pou yo briyèvman pataje pwòp eksperyans pa yo” ([1999], 159). Li mesaj sa a epi apresa mande manm fanmi an kimoun Prezidan Monson di ki dwe sèvi yon misyon. Pataje eksperyans pèsonèl ke ou menm oswa lòt moun te fè pandan yo t ap sèvi kòm misyonè aplentan. Oubyen pataje plan ou pou sèvi kòm misyonè demen. Mande manm fanmi an pou pataje plan yo ak eksperyans pozitif yo.

Enprime