2012
Kous lavi a
me 2012


Mesaj Premye Prezidans lan, Me 2012

Kous lavi a

Prezidan Thomas S. Monson

Ki kote nou soti? Poukisa nou isit sou tè a? Ki kote nou prale apre lavi sa a? Pa gen rezon pou kesyon inivèsèl sa yo rete san repons.

Frè ak sè byeneme m yo, maten an mwen ta renmen pale avèk nou sou verite etènèl—verite sa yo ki ap anrichi lavi nou e mennen nou tounen lakay an sekirite yo.

Toupatou, moun ap prese. Avyon areyaksyon puisan ap mete vitès pou transpòte presye kagezon moun pou travèse gran kontinan ak gwo lanmè pou yo ka al nan reyinyon biznis, pou ranpli obligasyon, pou al pase vakans, oubyen al vizite fanmi. Wout toupatou—otowout, wout rapid, wout eksprès—ap pote dèmilyon otomobil, okipe pa plis pase milyon moun, nan yon flo aparaman sanfen ak pou yon kantite rezon k fè n ap kouri pou al regle zafè nou chak jou.

Nan vitès lavi kawotik sa a, èske nou janm poze pou pran yon ti tan pou medite—sitou sou verite etènèl yo?

Lè yo konpare ak verite etènèl yo, pifò nan kesyon ak preyokipasyon lavi chak jou nou yo reyèlman trè ensiyifyan. Kisa pou nou prepare pou dine aswè a? Ki koulè pou n pentire salon an? Èske nou ta dwe enskri Jhonny nan foutbòl? Kesyon sa yo ak si anpil lòt menmjan avèk yo, pèdi tout siyifikasyon yo lè moman kriz leve, lè moun nou renmen blese, lè maladi tonbe nan yon fwaye ki an bòn sante, lè chandèl lavi ap bese epi lanmò ap menase. Panse nou vin konsantre e nou fasilman kapab detèmine kisa ki reyèlman enpòtan ak sa ki senpleman ensiyifyan.

Sa pa gen lontan m t al vizite yon fi ki ap lite depi dezan anba yon maladi ki menase lavi li. Li te di ke anvan maladi a, jounen li te ranpli ak aktivite tankou netwaye kay li ala pèfeksyon epi ranpli l avèk bèl mèb. Li t al nan estidyo de fwa pa semèn e l te konn depanse tan ak lajan chak mwa pou achte nouvo rad. Li pa t konn envite pitit pitit li yo pou vin vizite l souvan, paske li toujou pè pou timen neglijan timon yo pa t kraze oubyen detwi sa l te konsidere kòm byen presye l yo.

Epi, li te reswvwa nouvèl twomatizan sanzatann sa a ke lavi mòtèl li te menase epi petèt li pa t gen anpil tan pou l te rete isit sou tè a. Li te di ke nan moman l te tande dyagnostik doktè a, li te konnen imedyatman ke l t a pral pase kèlkeswa tan l te rete a avèk fanmi li ak zanmi li epi avèk levanjil la nan sant lavi li, paske bagay sa yo reprezante sa k te pi presye pou li.

Kalite moman klèvwayans sa yo, nou tout resevwa yo, yon moman oubyen yon lòt, byenke petèt se pa toujou atravè yon sikonstans osi dramatik. Nou wè klèman kisa ki reyèlman konte nan lavi nou ak fason nou ta dwe viv.

Sovè a te di:

“Pa anpile richès nou isit la sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.

“Men anpile richès nou nan syèl la, paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou vòlè yo.

“Paske kote richès ou ye, se la kè w ye tou.”1

Nan tan pwofon refleksyon oswa gran bezwen yo, nanm lòm ale vè syèl la, pou chèche yon repons divin pou pi gwo kesyon lavi yo: Ki kote nou soti? Poukisa nou isit la? Ki kote nou prale lè nou kite lavi sa a?

Repons pou kesyon sa yo nou pap jwenn yo andedan paj liv lekòl ni nan tcheke sou Entènèt. Kesyon sa yo depase mòtalite a. Yo anglobe letènite.

Ki kote nou soti? Kesyon sa a nan panse, si se pa nan pale, tout kretyen vivan.

Apot Pòl te di Atenyen yo, nan mitan Aewopaj la ke “nou se pitit Bondye.”2 Paske nou konnen ke kò fizik nou se pitit paran mòtèl nou yo, nou dwe chèche siyifikasyon deklarasyon Pòl la. Senyè a te deklare ke “lespri a ak kò a se nanm lòm.”3 Konsa lespri a se pitit Bondye. Moun ki ekri Ebre a fè referans avèk Li antanke “Papa espri yo.”4 Lespri tout moun literalman “se pitit gason ak pitit fi”5 Li.

N ap note ke, pou fè nou reflechi sou sijè sa a, pwofèt enspire ekri mesaj touchan ak panse ekstraòdinè. William Wordsworth te ekri verite sa a:

Nesans nou se yon somèy ak yon oubli;

Nanm nan ki leve avèk nou an, zetwal lavi nou,

Te pran depa li yon lòt kote,

Epi li soti lwen;

Nou pa totalman bliye

E nou pa totalman toutouni,

Se avèk nyaj laglwa ke nou vini

Soti kot Bondye, ki se lakay nou.

Syèl la sou nou pandan anfans nou!6

Paran yo reflechi sou responsablite yo pou anseye, enspire, ak dirije pitit yo, pou ba yo direksyon ak egzanp. Epi pandan ke paran yo ap reflechi, timoun yo—e patikilyèman jèn yo—ap poze kesyon penetran: “Poukisa nou isit la?” Jeneralman, kesyon sa a adrese an silans nan nanm yo epi l di: “Poukisa mwen isit la?”

Ala nou dwe rekonesan dèske yon Kreyatè saj te kreye yon tè epi mete nou ladan avèk yon vwal oubli sou egzistans nou te genyen anvan an pou nou kapab pase pa yon tan mizaleprèv, yon opòtinite pou pwouve tèt nou, pou nou kapab kalifye pou tout sa Bondye prepare pou nou resevwa yo.

Klèman, youn nan bi esansyèl egzistans nou isit la sou tè a se pou resevwa yon kò lachè ak zo. Yo ba nou libabit tou. Nan milye fason, nou privilijye paske nou ka chwazi pou tèt pa nou. Isit la nou aprann atravè demand difisil eksperyans pèsonèl. Nou disène ant byen ak mal. Nou fè diferans ant anmè ak dous. Nou dekouvri ke gen konsekans ki mache ak chak aksyon nou.

Si nou obeyi kòmandman Bondye yo, nou kapab kalifye pou “kay” sa a Jezi te pale a lè l te deklare: “Gen plizyè demè nan kay Papa m nan … mwen pral prepare yon plas pou nou … pou kote ma ye, se la na va ye tou.”7

Malgre ke nou vini nan mòtalite a “avèk nyaj laglwa,” lavi a kontinye avanse san rete. Lajenès suiv anfans, e matirite vini san nou pa reyalize. Apati eksperyans nou aprann ke nou dwe tounen vè syèl la pou n jwenn asistans pandan n ap fè chemen nou toutolon wout lavi a.

Bondye, Papa nou, ak Jezikri, Senyè nou an, trase chemen ki mennen nan pèfeksyon an. Yo envite nou pou nou suiv verite etènèl yo epi vin pafè, menmjan yo pafè a.8

Apot Pòl te konpare lavi ak yon kous. Li te egzòte Ebre yo: “Annou rejte … tout peche ki fasilman vlope nou, epi annou kouri avèk pasyans nan chemen yo mete devan nou an.”9

Nan zèl nou, annou pa neglije konsèy saj ki nan Eklezyas la: “kous la se pa pou moun ki rapid la, batay la se pa pou vanyan an.”10 An reyalite, pri a se pou moun ki pèsevere jiskalafen an.

Lè m ap reflechi sou kous lavi a, mwen sonje yon lòt kalite kous, yon kous nan epòk anfans mwen. Zanmi m yo avèk mwen te konn pran kanif nou epi, nan bwa mou yon pyebwa, nou te konn fè ti bato jwèt. Avèk yon vwal koton nan fòm triyangilè anplas, nou chak te konn lanse ti bato sa yo nan yon kous sou dlo ajite Rivyè Provo a nan Uta. Nou te konn kouri sou tout bò rivyè a pou gade ti bato yo ki pafwa te konn balote anpil nan kouran rapid la oubyen vwayaje byen trankil pandan dlo a t ap elaji.

Pandan yon kous byen patikilye, nou te remake ke youn nan ti bato yo te pran devan tout rès yo pou ale nan liy final la. Toudenkou, kouran an te rale l twò pre yon gwo toubiyon, epi bato a te soulve bò kote li epi l te chavire. Toubiyon an te vire l anwon, sa k te fè l pa kapab jwenn wout li pou retounen nan kouran prensipal la. Finalman li te fini pa rete nan yon repo fòse nan pwent dlo a, nan mitan debri ki te antoure li, agripe pa grif lemouch vèt la ki te pran l.

Ti bato jwèt sa yo nan anfans mwen an pa t gen fondasyon pou ba yo estabilite, ni gouvènay pou ba yo direksyon, ni sous enèji pou te fè yo avanse. Inevitableman, destinasyon yo sete glise desann sou—chemen mwens rezistans la.

Kontrèman ak ti bato jwèt yo, nou resevwa kalite divin pou gide vwayaj nou. Nou antre nan mòtalite a non pa pou nou flote nan kouran balotan lavi yo men avèk pouvwa pou panse, pou rezone, ak pou akonpli.

Papa nou ki nan Syèl la pa t voye nou nan vwayaj etènèl nou an san l pa ba nou mwayen pou nou resevwa gidans li pou asire ke nou retounen an sekirite. M ap pale de lapriyè. M ap pale de chichotman ti vwa dous piti a tou; epi mwen pa bliye ekriti sent yo, ki gen pawòl Senyè a ak pawòl pwofèt yo—ke yo ba nou pou ede nou travèse liy arive a avèk siksè.

Gen yon moman k ap rive nan misyon mòtèl nou, kote n ap gen pa ezitan, souri fatige, doulè maladi—menm fen lete (jenès nou), apwòch lotòn, fredi livè, ak eksperyans nou rele lanmò a.

Tout moun k ap reflechi konn poze tèt yo kesyon sa a Jòb te poze a: “Si yon moun mouri, èske l ap viv ankò?”11 Menmsi nou pa ta vle panse ak kesyon sa a, l ap toujou retounen nan tèt nou. Lanmò vini pou tout limanite. Li vini pou moun ki aje pandan y ap mache sou pa ezitan. Li vini pou moun ki apèn atenn mitan vwayaj lavi yo. Pafwa li kanpe ri menm timoun piti.

Men sa nou konnen de yon egzistans apre lanmò? Èske lanmò se fen tout bagay? Robert Blatchford, nan liv li a, God and My Neighbor (Bondye ak pwochen m) nan te vivman atake kwayans kretyen tankou Bondye, Kris la, lapriyè, e patikilyèman imòtalite. Li te kareman deklare ke lanmò sete fen egzistans nou epi okenn moun pa ka pwouve otreman. Epi yon bagay siprenan te rive. Miray enkredilite l la te tonbe an pousyè toudenkou. Li te retwouve l ekspoze ak san defans. Lantman, li te kòmanse chèche wout pou tounen nan lafwa a li te si ridikilize ak abandone a. Sa k te lakoz pwofon chanjman sa a nan li menm? Madanm ni te mouri. Avèk yon kè brize, li te ale nan sal la kote yo te ekspoze kò madanm ni an. Li te gade ankò sou figi li te renmen si byen sa a. Lè l te soti, li te di yon zanmi: “Se li menm, men an menm tan, se pa limen. Tout bagay chanje. Gen yon bagay ki te la anvan ki soti. Li pa menm moun nan. Kisa ki ka posibman ale si se pa nanm nan?”

Nan apre li te ekri: “Lanmò se pa sa moun imajine a. Se jis tankou pase al nan yon lòt chanm. Nan lòt chanm sa a na va jwenn … gason ak fi ki ak timoun ki chè pou nou ke nou te renmen epi pèdi yo.”12

Frè m ak sè m yo, nou konnen lanmò se pa yon fen. Pwofèt nan tout epòk te anseye nou verite sa a. Nou jwenn ni nan ekriti sent yo tou. Nan Liv Mòmon an, nou li pawòl presi ak rekonfòtan sa yo:

“Kounyeya, dapre sa k pral pase nanm yo pandan espas tan ant lanmò ak rezirèksyon an—Reyèlman yon zanj te fè m konnen, sito lespri tout moun kite kò mòtèl sa a, wi, lespri tout moun, menm si yo bon oubyen move, y ale lakay Bondye sa ki te ba yo lavi a.

“Epi lè sa a, se pral konsa, lespri moun ki jis yo antre nan yon lavi byennèt ki rele parade, yon lavi repo, yon lavi lapè, pou yo repoze apre tout pwoblèm yo, epi apre tout sousi ak lapenn yo.”13

Lè Sovè a te krisifye epi kò li te kouche nan tonm nan pandan twa jou, lespri li te antre ankò. Wòch la te woule, epi Redanmtè resisite a te mache soti, abiye avèk yon kò chè ak zo imòtèl.

Repons la pou kesyon Jòb la: “Si yon moun mouri, èske l ap viv ankò a?” a te vini lè Mari ak lòt yo te pwoche bò tonm nan epi yo te wè de mesye nan rad briyan ki te pale avèk yo: “Poukisa n ap chèche moun ki vivan an pami mò yo? Li pa isit la, men li resisite.”14

Kòm rezilta viktwa Sovè a sou tonm nan, nou tout ap resisite. Sa a se redanmsyon nanm nan. Pòl te ekri: “Gen … kò selès, ak kò terès: men ekla kò selès la se youn, epi ekla kò terès la se yon lòt.”15

Se laglwa selès la n ap chèche. Se nan prezans Bondye nou vle demere. Nou vle manm yon fanmi k ap viv pou tout tan. Benediksyon sa yo nou travay pou yo tout yon lavi ap efòse nou, chèche, repanti, epi finalman reyisi.

Ki kote nou soti? Poukisa nou isit sou tè a? Ki kote nou prale apre lavi sa a? Kesyon inivèsèl sa yo pa bezwen rete san repons ankò. Nan pwofondè kè mwen ak an tout imilite, mwen temwaye ke bagay sa yo m sot pale a vre.

Papa nou ki nan Syèl la rejwi pou moun k ap respekte kòmandman l yo. Li sousye pou pitit ki pèdi a, tinedjè k ap rantre ta a, jèn ki detounen an, paran delenkan an. Tandreman Mèt la pale avèk moun sa yo, epi anfèt avèk nou tout: “Retounen. Vini. Antre. Retounen lakay. Vin jwenn mwen.”

Nan yon semèn nou pral selebre Pak. Panse nou ap tounen vè lavi Sovè a, lanmò Li, ak Rezirèksyon L la. Antanke temwen espesyal Li, mwen temwaye nou ke Li vivan e L ap tann retou triyonfan nou. Pou nou kapab atenn kalite retou sa a, mwen priye nan non sakre Li—non Jezikri, Sovè nou ak Redanmtè nou, amèn.