2012
Vizit nan fwaye, yon travay sali
desanm 2012


Mesaj vizit nan fwaye, Desanm 2012

Vizit nan fwaye, yon travay sali

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi, si sa apwopriye, diskite li avèk sè w ap vizite yo.Itilize kesyon yo pou ede ou fòtifye sè ou yo epi fè Sosyete Sekou jwe yon wòl aktif nan lavi pa ou.

So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

Vizit nan fwaye bay fi yo opòtinite pou youn veye, fòtifye, ak anseye lòt—se vrèman yon travay sali. Pa mwayen vizit nan fwaye, sè yo sèvi nan non Sovè a epi yo ede prepare fi yo pou benediksyon lavi etènèl yo.

Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) te di: “Nou dwe ‘avèti, eksplike, egzòte, ak anseye, epi envite [lòt] moun pou vin jwenn Kris la’ (D&A 20:59), jan Senyè a di nan revelasyon l la.” Pi lwen, li di: “Temwayaj nou se yon zouti efikas pou fè sa.”1

Lè nou menm antanke enstriktris nan fwaye ogmante konesans nou sou verite levanjil yo, temwayaj nou fòtifye ak kore sè ki ap prepare pou batize ak konfime yo. Nou ede nouvo manm yo anrasinen yo nan levanjil la. Vizit nou ak lanmou nou ede “mennen moun ki egare yo tounen [ak] chofe kè moun ki refwadi yo nan levanjil la.”2 Epi nou ankouraje sè yo pou yo vin jwenn Kris la nan ale nan tanp.

Prezidan Kimball te di enstriktris nan fwaye yo: “Ou pral sove nanm, epi yo va di ke anpil nan moun ki aktif yo nan Legliz la jodia aktif paske ou te ale lakay yo epi w te ba yo yon nouvo vizyon, yon nouvèl orizon. Ou te retire rido a. Ou te elaji vizyon yo. …

“Ou wè, w ap sove non sèlman sè sa yo, men petèt mari yo ak fwaye yo tou.”3

Apati ekriti yo

Doktrin ak Alyans 20:59; 84:106; 138:56

Apati Istwa Nou

Lè Pwofèt Joseph Smith te òganize Sosyete Sekou a, li te di ke fi yo te non sèlman gen pou veye sou pòv yo men pou sove nanm tou. Li te anseye tou ke fi yo nan Legliz la jwe yon wòl esansyèl nan plan sali Papa nou ki nan Syèl la.4 Gide pa prensip Pwofèt Joseph Smith te anseye yo, nou menm antanke sè nan Sosyete Sekou, nou kapab travay ansanm pou prepare fi yo ak fanmi yo pou pi gwo benediksyon Bondye yo.

Prezidan Brigham Young (1801–77), te di: “Annou gen konpasyon youn pou lòt, epi se pou [moun ki] solid yo tandreman nouri sa k fèb yo fè yo vin fò, epi se pou moun ki ka wè yo gide moun ki avèg yo jiskaske yo kapab wè chemen an poukont pa yo.”5

Nòt

  1. Spencer W. Kimball, nan Daughters in My Kingdom: The History and Work of Relief Society (2011), 116.

  2. Eliza R. Snow, nan Daughters in My Kingdom, 83.

  3. Spencer W. Kimball, nan Daughters in My Kingdom, 117.

  4. Gade Joseph Smith, nan Daughters in My Kingdom, 171–72.

  5. Brigham Young, nan Daughters in My Kingdom, 107.

Kisa M Ka Fè?

  1. Kijan Sosyete Sekou prepare m pou benediksyon lavi etènèl yo?

  2. Kisa m ka fè pou ogmante lafwa moun ki sou kont mwen yo?