2014
Konferans avèk mwen
Avril 2014


Jèn yo

Konferans avèk mwen

Otè a ap viv nan Toronto, Kanada.

M te konn panse wikenn konferans jeneral la te long an annwyan, men amezi tan t ap pase, m te vin renmen li e pa t ka rete tann ni. Wikenn konferans jeneral la kapab espitiryèlman rechaje nou, men li fasil pou nou kite santiman sa yo febli lè lavi nòmal retounen nan Lendi. Kèk nan ide sa yo konn ede m kontinye pran otan m kapab nan konferans lan.

Mwen prepare tèt mwen pou konferans lan nan ekri kèk kesyon, epi apresa mwen pran nòt amezi kesyon m yo ap reponn. Apresa, mwen renmen telechaje diskou konferans yo ak mizik la sou LDS.org epi transfere yo sou yon ‘MP3 player’ pou m ka koute yon diskou oubyen yon chan pandan m ap fè okipasyon jounalye mwen. Epitou m renmen li Liahona konferans lan tou. Mwen souliyen ak ekri nòt nan maj Lyawona m nan. Rive nan tan pwochen konferans lan, m byen itilize revi m nan. Fanmi m li mesaj yo ansanm pafwa nan sware familyal.

Pou nou kenbe lespri nou santi pandan konferans lan avèk nou epi kontinye aprann nan mesaj yo, sa mande travay, men lè m fè sa, se yon gwo benediksyon pou mwen. Mwen resevwa si anpil fòs ak gidans nan tan bezwen lè m etidye mesaj konferans jeneral yo, e m konnen mesaj sa yo enspire.

Enprime