2014
Yon ankraj byen chita
Avril 2014


Mesaj Premye Prezidans lan, Avril 2014

Yon ankraj byen fèm

Imaj
Prezidan Dieter F. Uchtdorf

Sa pa gen lontan m te gen opòtinite pou pou m te vwayaje nan yon gwo bato toutolon kot Alaska a nan Etazini. Pandan kapitèn nan te prepare pou te fè bato a rete nan yon krik izole ki pa t janm sèvi, li te pran swen pou evalye zòn nan ak sitiyasyon an, tankou vitès vag yo, pwodonfè dlo a, ak distans avèk obstak danjere. Lè l te satisfè, li te jete lank pou bato a ta ka rete an sekirite e ankre byen fèm, pou pèmèt pasaje yo gen opòtinite pou yo gade bèl espektak kreyasyon Bondye yo.

Pandan m t ap gade litoral la, m te kòmanse reyalize bato a t ap balanse prèske inapèsi anba nenpòt ti van ak ti kouran dlo ki te pase anba li. Men, li te rete fèm e byen kanpe andedan yon espas fiks byen defini pa longè liy ankraj la ak fòs ankraj la.

Kapitèn nan pa t kenbe lank lan sere anba bato a, pare pou redui li sèlman si yon tanpèt ta leve. Non, li te ankre bato a kòm yon mezi prevwayans pou te pwoteje bato a pou l pa t deplase ale nan dlo ki pa gen sekirite oubyen glise dousman al echwe pandan ke pasaje yo ak ekipaj la te santi yo ansekirite.

Pandan m t ap egzamine sitiyasyon an, m te reyalize ke si sa se pa t yon opòtinite pou yon parabòl, enben, se pa yon pilòt mwen ye vre!

Poukisa nou bezwen ankraj

Bi yon ankraj se pou kenbe yon bato ansekirite nan yon lye byen detèmine oubyen pou ede kontwole bato a pandan move tan. Men, pou akonpli objektif enpòtan sa yo, sa pa ase pou sèlman gen yon ankraj. Ankraj la dwe solid, fyab, e itilize kòrèkteman nan bon moman an ak nan bon kote a.

Moun ak fanmi bezwen ankraj tou.

Advèsite kapap vini kòm yon gwo tanpèt pou ekate nou sou wout nou epi menase pou fè nou al kraze nan wòch yo. Men pafwa, nou andanje lè tout bagay parèt ansekirite tou—ti van dous ak dlo kalm. Anfèt, nou kapab nan gwo pi gwo danje ki egziste lè n ap glise epi mouvman an si inapèsi ke nou pa menm remake sa.

Levanjil la se ankraj nou

Ankraj se bagay ki dwe solid, fò, e byen trete pou yo ka pare lè bezwen. Epitou, yo dwe atache nan yon fondasyon ki kapab sipòte pwa fòs opoze yo.

Natirèlman, levanjil Jezikri a se yon ankraj konsa. Li te prepare pa Kreyatè inivè a pou yon objektif diven e nan bi pou bay pitit li yo sekirite ak gidans.

Finalman, kisa levanjil la ye, apa plan Bondye pou rachte pitit li yo e mennen yo retounen nan prezans li?

Konesan ke sa nòmalman nan nati tout bagay pou yo glise, nou dwe fikse ankraj nou fèm sou baz verite levanjil la. Yo pa dwe bese lejèman sou sann lògèy ni apèn touche sifas konviksyon nou.

Mwa sa a nou gen yon opòtinite pou nou tande sèvitè Bondye nan yon konferans jeneral Legliz la. Pawòl yo, ansanm avèk ekriti yo ak enspirasyon Lespri yo, bay yon baz fondasyon prensip ak valè etènèl solid ak asire pou nou ka mare ankraj nou pou nou ka rete fèm ak asire nan mitan lit ak eprèv lavi yo.

Elaman, ansyen pwofèt la te anseye: “Se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou; konsa, lè dyab la voye gwo van li yo, wi, pik li yo nan toubiyon an, wi, lè tout lagrèl li yo ak gwo siklòn li yo vin bat nou, li p ap gen pouvwa sou nou pou l trennen nou desann nan gouf mizè ak malè etènèl la, poutèt sou wòch nou bati a, ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a” (Elaman 5:12).

Valè ki genyen nan fikse ankraj nou fèm

Lavi a gen yon fason pou l teste ankraj nou ak tante nou pou nou balanse. Sepandan, si ankraj nou kòrèkteman byen plase sou wòch Redanmtè nou an, y ap reziste—kèlkeswa fòs van an, fòs mare a, oubyen wotè vag yo.

Natirèlman, yon bato pa prepare pou l rete kanpe nan yon pò men li prepare pou leve lank pou al navige sou lanmè lavi yo. Men sa se yon parabòl pou yon lòt lè.

Pou kounyeya, mwen pran rekonfò nan konnen ke ankraj levanjil la ak wòch Redanmtè nou an ap kenbe nou fèm e ansekirite.

Kalite ankraj sa a ap anpeche nou derive ale nan danje ak malè. L ap pèmèt nou jwenn bèl opòtinite pou jwi bote enkonparab yo nan sèn lavi a ki siblim e ki pap janm chanje.

Lavi a bèl e li vo lapèn pou nou viv li. Van, tanpèt, ak kouran ki genyen yo gen dwa tante nou pou nou devye ale nan danje, sa nou wè ak sa nou pa wè, men mesaj levanjil la ak pouvwa divin ni ap kenbe nou sou wout pou n retounen nan pò sekirite Papa nou ki nan Syèl la.

Se poutèt sa, annou non sèlman koute diskou konferans jeneral Avril yo, men aplike mesaj yo bay yo tou.

Se pou Bondye beni nou ak gide nou nan efò siyifikan ak esansyèl sa a!

Ansèyman nan mesaj sa a

Panse pou diskite sou enpòtans ankraj nan kontèks fanmi Leyi a k ap vwayaje al nan tè pwomiz la (gade 1 Nefi 18). Ou gen dwa atire atansyon sou 1 Nefi 18:11–15, yon lè kote Nefi te mare, Lyawona a te sispann travay, epi bato a te pran nan van vyolan. Ki konsekans nou rankontre lè nou pa byen tache ankraj nou an sekirite nan levanjil la? Ou gen dwa pale sou 1 Nefi 18:21–22 tou epi diskite sou fason nou ka jwenn sekirite nan tounen vè Sovè a.

Enprime