2015
Se pou nou yon egzanp ak yon limyè
novanm 2015


Mesaj Premye Prezidans, Novanm 2015

Se pou nou yon egzanp ak yon limyè

Si nou suiv egzanp Sovè a, n ap gen posiblite pou nou se yon limyè nan lavi lòt moun.

Frè byeneme m yo, ala sa bon pou nou ansanm yon fwa ankò. Jan nou konnen, depi apre rankont nou an Avril dènye a, nou te atriste pa lanmò twa nan Apot byeneme nou yo—Prezidan Boyd K. Packer, Èldè L. Tom Perry, ak Èldè Richard G. Scott. Yo retounen al nan fwaye selès yo. Nou sonje yo. Nou rekonesan anpil pou egzanp amou kretyen yo ak pou ansèyman enspire yo kite pou nou tout yo.

Nou swete yon byenveni plen chalè pou nouvo Apot nou yo, Èldè Ronald A. Rasband, Èldè Gary E. Stevenson, ak Èldè Dale G. Renlund. Mesye sa yo devwe nan travay Senyè a. Yo byen kalifye pou ranpli pozisyon enpòtan yo aple yo a.

Dènyèman, pandan m t ap li ak medite sou ekriti yo, de pasaj patikilye te rete nan lespri mwen. Nou konn toulède. Premye a se nan Diskou sou Mòn nan: “Se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n ap fè, ya fè lwanj Papa nou ki nan Syèl la.”1 Dezyèm ekriti a se youn ki te vin nan lespri m pandan m t ap medite sou siyifikasyon premye a. Li soti nan Epit Apot Pòl te voye bay Timote a: “Se pou ou rete yon egzanp pou moun ki kwè yo, nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, nan pite.”2

M kwè dezyèm ekriti a grandman eksplike kijan nou ka akonpli premye a. Nou vin egzanp pou kwayan yo lè nou viv levanjil Jezikri a nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, ak nan pite. Si nou fè sa, limyè nou ap briye pou lòt moun ka wè.

Nou chak ki vin sou tè a te resevwa Limyè Kris la. Si nou suiv egzanp Sovè a epi nou viv jan l te viv ak jan l te anseye a, limyè sa a ap briye andedan nou e l ap klere chemen pou lòt moun.

Apot pòl bay lis sis kalite yon kwayan, kalite k ap pèmèt limyè nou briye. Annou egzamine yo chak.

M ap mansyone de premye kalite yo ansanm—se pou nou yon egzanp nan pawòl ak nan konvèsasyon. Pawòl nou itilize yo kapab edifye ak enspire, oubyen yo ka blese ak rabese. Nan mond la jodia, gen yon eksè vilgarite ki sanble yo antoure nou prèske tout kote n vire. Li difisil pou n evite tande non Divinite a y ap itilize nenpòt kijan e san kondiserasyon. Sanble kòmantè vilgè yo vin yon bagay kouran nan televizyon, nan fim, nan liv ak nan mizik. Yo itilize remak kalomni ak langaj rayiman san rete. Annou pale avèk lòt moun avèk amou ak respè, annou toujou kenbe langaj nou pwòp epi evite mo ak kòmantè ki ka blese oubyen ofanse moun. Se pou nou suiv egzanp Sovè a, ki te pale avèk tolerans ak jantiyès pandan tout ministè li.

Dezyèm kalite Pòl mansyone a se charite, ke nou defini kòm amou pi Kris la.3 M sèten ke, andedan domèn enfliyans nou, gen moun ki solitè, ki malad, ak moun ki santi yo dekouraje. Nou gen opòtinite pou ede yo ak remonte moral yo. Sovè a te pote espwa bay moun dezespere ak fòs bay moun fèb yo. Li te geri malad; li te fè moun kokobe mache; avèg te wè, moun soud te tande. Li te menm leve moun mouri. Pandan tout ministè li, li te lonje lamen nan charite bay tout moun ki te nan bezwen. Si nou imite egzanp li, n ap beni lavi anpil moun, enkli pa nou.

Apresa, nou dwe yon egzanp nan espri. Pou mwen menm, sa vledi nou dwe eseye gen bonte, rekonesans, padon, ak byenveyans nan lavi nou. Kalite sa yo ap pèmèt nou gen yon espri k ap touche lavi moun bò kote nou. M te gen opòtinite pandan ane yo pou m te kotwaye anpil moun ki posede yon espri konsa. Nou santi yon bagay espesyal lè nou avèk yo, yon santiman ki fè nou vle kotwaye yo epi suiv egzanp yo. Ou santi Limyè Kris la reyone nan yo e yo ede nou santi amou Li pou nou.

Pou ilistre kijan lòt moun rekonèt limyè ki soti nan yon espri pi ak eman an, kite m pataje avèk nou yon eksperyans m te fè sa gen kèk ane.

Nan epòk sa a, dirijan Legliz yo t al rankontre moun ofisyèl nan Jerizalèm yo pou yo te etabli yon kontra lwaye pou teren kote Sant Legliz la ta pral bati a nan Jerizalèm nan. Pou n te ka jwenn pèmisyon nesesè yo, Legliz la te oblije dakò pou okenn nan manm nou yo ki ta pral viv nan sant la pa t preche moun. Apre yo te fin siyen kontra a, youn nan ofisyèl Izrayelyen yo, ki te byen konnen legliz la ak manm li yo, te fè remak ke l te konnen Legliz la t ap onore akò pou l pa preche a. Epi, pandan l t ap fè referans ak etidyan ki t ap gen pou vini yo, li te di:“Men, kisa nou pral fè avèk limyè ki pral nan rega yo a?”4 Se pou limyè espesyal sa a toujou briye andedan nou, pou lòt moun ka rekonèt li ak apresye li.

Pou nou yon egzanp nan lafwa, sa vledi pou nou gen konfyans nan Senyè a ak nan pawòl li. Sa vledi nou posede ak nouri konviksyon ke l ap gide panse nou ak aksyon nou. Lafwa nou nan Senyè a, Jezikri, ak nan Pè Selès la ap enfliyanse tout sa n ap fè. Nan mitan konfizyon epòk nou an, pwoblèm konsyans yo, ak ajitasyon lavi kotidyèn yo, yon lafwa konstan ap vin yon ankraj pou lavi nou. Sonje lafwa ak dout pa ka egziste nan menm lespri a an menm tan, paske youn ap chase lòt la. M ap repete sa nou toujou di san rete a—pou nou ka akeri ak kenbe lafwa nou bezwen an, li esansyèl pou nou li ak etidye ak medite ekriti yo. Kominike avèk Pè Selès la atravè lapriyè enpòtan. Nou pa ka pèmèt nou neglije bagay sa yo, paske, advèsè a ak lame l yo toujou ap chèche jwenn yon feblès lakay nou, yon ratman nan fidelite nou. Senyè a di: “Chèche avèk dilijans, priye tout tan, epi kwè, epi tout bagay ap travay ansanm pou byen nou.”5

Finalman, nou dwe pi, kivle di nou dwe pwòp nan kò nou, nan panse nou, ak nan lespri nou. Nou konnen kò nou se yon tanp ke nou dwe trete avèk reverans ak respè. Espri nou dwe ranpli avèk panse edifyan ak nòb, ki ka kenbe nou lwen bagay ki ka kontamine li. Pou nou gen Sentespri a kòm konpayon konstan nou, nou dwe diy. Frè m ak sè m yo, pite ap pote lapè despri pou nou e l ap kalifye nou pou n resevwa pwomès Sovè a fè yo. Li te di: “Benediksyon pou moun ki pi nan kè yo: paske ya wè Bondye.”6

Si nou rete egzanp pou kwayan yo nan pawòl, nan konvèsasyon, nan charite, nan lespri, nan lafwa, ak nan pite, n ap kalifye pou n vin limyè pou mond lan.

Kite m di nou tout, e patikilyèman nou menm jèn yo, amezi mond lan ap plis anplis elwanye yo de prensip ak direkson Pè Selès eman nou an ba nou yo, nou menm n apral demake al lwen foul la paske nou diferan. N ap fè demakaj la paske n ap abiye avèk modesti. N ap diferan paske nou pap itilize langaj vilgè e paske nou pa pran sibstans ki nuizib pou kò nou. N ap diferan paske n ap evite patisipe nan plezantri inapwopriye ak remak degradan. N ap diferan si nou deside pou n pa ekspoze lespri nou anba chwa medya ki imoral ak avilisan k ap chase lespri a nan fwaye nou ak nan lavi nou. N ap sètènman demake nou si nou fè chwa konsènan moralite—chwa ki an amoni ak règ ak prensip levanjil yo. Bagay sa yo ki rann nou diferan de pifò moun nan mond la, ap ba nou limyè sa a ak espri sa a k ap briye nan yon mond k ap ogmante nan fènwa a.

Sa souvan difisil pou nou diferan e kanpe poukont nou nan yon foul. Se tou nòmal pou nou pè sa lòt moun ka panse ak di. Pawòl Som sa yo rekonfòtan: “Senyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen; kimoun ki ka fè m pè? Senyè a se fòs lavi mwen; kimoun ki ka fè m tranble?”7 Si nou fè Kris la sant lavi nou, krent nou yo ap ranplase pa kouraj konviksyon nou.

Lavi a pa pafè pou okenn nan nou, e pafwa, pwoblèm ak difikilte n ap rankontre yo ka vin depasan, sa ki ka lakoz limyè nou bese. Men, avèk èd Pè Selès nou an, mete avèk soutyen lòt moun, nou ka rejwenn limyè sa a k ap ilimine chemen nou yon fwa ankò a e pote limyè lòt moun ka bezwen an.

Pou ilistre sa, m ap pataje avèk nou pawòl touchan yon powèm m te li sa gen plizyè ane:

M te rankontre yon etranje lannuit la,

ki te gen lanp li k te sispann klere.

M te fè yon ti rete pou m te fè

l limen lanp li a nan limyè pa m nan.

Yon tanpèt te leve nan apre,

e l te sekwe tout mond la.

Epi lè van an te sispann

lanp mwen an te etenn!

Men etranje a te retounen vin jwenn mwen;

lanp li a te byen klere!

Li te kenbe flanm presye a epi

l te limen pa m nan!8

Frè m ak sè m yo, opòtinite pou nou briye yo antoure nou chak jou, nan kèlkeswa sikonstans nou ka twouve nou. Si nou suiv egzanp Sovè a, n ap gen opòtinite pou n se yon limyè nan lavi lòt moun, keseswa yo se manm fanmi nou oubyen zanmi, kòlèg travay, senp relasyon, oubyen total enkoni.

Pou nou chak m ap di, nou se yon pitit gason oswa pitit fi Pè Selès la. Nou soti nan prezans li pou n vin viv sou tè a pou yon sezon, pou n reflete lanmou ak ansèyman Sovè a ak bravman fè limyè nou klere pou tout moun ka wè. Lè sezon sa a sou tè a fini, si nou te fè pati pa nou an, n ap resevwa benediksyon gloriye ki se retounen al viv avèk li pou tout tan an.

Ala pawòl sa yo Sovè a te di a rasiran: “Mwen se limyè mond la; moun ki suiv mwen, li p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”9 Konsènan Li mwen temwaye. Li se Sovè nou ak Redanmtè nou, Avoka nou bò kot Papa a. Li se Egzanp nou ak fòs nou. Li se “limyè k ap briye nan tenèb la.”10 M priye pou nou tout k ap tande vwa m la a kapab pran angajman pou nou suiv li, epi konsa, vin yon limyè k ap briye pou mond lan, nan non sakre li, non Jezikri, Senyè a, amèn.

Enprime