2015
Sentespri a kòm konpayon nou
novanm 2015


Mesaj vizit nan fwaye, Novanm 2015

Sentespri a kòm konpayon nou

Si nou viv diy pou sa, nou ka gen benediksyon konpayi Lespri a avèk nou, non sèlman tanzantan men tout tan.

Chè frè m ak sè m yo, mwen rekonesan pou m avèk nou nan jou Saba sa a nan konferans jeneral nan Legliz Senyè a. Menmjan avèk nou, m te santi Lespri a temwaye verasite pawòl nou sot tande nan diskou yo ak nan kantik yo.

Objektif mwen jodia se pou ogmante dezi ak detèminasyon nou pou reklame don yo te pwomèt nou chak lè nou te batize a. Pandan konfimasyon nou, nou te tande pawòl sa yo: “Resevwa Sentespri a.”1 Apati moman sa a, lavi nou te chanje ajamè.

Si nou viv diy pou sa, nou ka gen benediksyon konpayi Lespri a, non sèlman tanzantan, tankou nan eksperyans remakab nou viv yo jodia, men tout tan. Gras ak pawòl priyè Sentsèn yo, nou konn kijan pwomès sa a reyalize: “O Bondye, Papa Etènèl la, nou mande w, nan non Pitit Gason w lan, Jezikri, pou ou beni ak sanktifye pen sa a pou nanm tout moun ki pran ladan l, pou yo kapab manje nan memwa kò Pitit Gason w lan, epi pou yo rann ou temwayaj, O Bondye, Papa Etènèl la, ke yo vle pote non Pitit Gason w lan sou yo, pou yo toujou sonje l, epi pou yo respekte kòmandman l yo ke li te ba yo.”

Epi apresa pwomès gloriye a vini: “Pou yo kapab toujou gen Lespri L avèk yo” ( D&A 20:77; italik ajoute).

Toujou gen Lespri a avèk nou vledi nou gen gidans ak direksyon Sentespri a nan lavi kotidyèn nou. Pa egzanp, nou ka jwenn avètisman nan men Lespri a pou n reziste anba tantasyon pou nou fè mal.

Pou rezon sa a sèlman, li fasil pou nou wè poukisa sèvitè Senyè a yo ap eseye ogmante dezi nou pou adore Bondye nan reyinyon Sentsèn nou yo. Si nou pran Sentsèn nan ak lafwa, Sentespri a ap kapab pwoteje nou menm ak fanmi nou, anba tantasyon k ap vini avèk plis entansite ak frekans yo.

Konpayi Sentespri a fè sa ki bon vin pi atiran e tantasyon yo mwens enkontwolab. Sa poukout li dwe ase pou fè nou detèmine pou n kalifye pou Lespri a ka toujou avèk nou.

Menmjan Lespri a fòtifye nou kont mal la, Li ba nou pouvwa pou n disène ant verite ak mansonj tou. Verite ki pi enpòtan an verifye sèlman atravè revelasyon nan men Bondye. Rezonman imen nou ak itilizasyon sans fizik nou pap ase. N ap viv nan yon tan kote menm moun ki pi saj la ka gen difikilte pou l distenge ant verite ak twonpri abil yo.

Senyè a te anseye Apot li a, Thomas, ki te vle pou l te touche blesi l yo kòm prèv fizik Rezirèksyon Sovè a, ke revelasyon se yon prèv ki pi asire: “Jezi te di li, Toma, se paske ou wè m kifè ou kwè: benediksyon pou moun ki kwè san yo pa wè yo” (Jan 20:29).

Verite ki make chemen pou retounen kay Bondye yo se Sentespri a ki konfime yo. Nou pa ka ale nan boskè a pou n wè Papa a ak Pitit Gason an ap pale avèk jèn Joseph Smith. Okenn prèv fizik ni agiman lojik pa ka pwouve ke Eli te vini jan l te pwomèt la pou konfere kle prètriz yo ki detni pa yon pwofèt vivan, Thomas S. Monson.

Konfimasyon verite a vini pou yon pitit gason oubyen yon pitit fi Bondye ki gen dwa pou l resevwa Sentespri a. Paske foste ak mansonj ka prezante devan nou nenpòt kilè, nou bezwen enfliyans konstan Lespri Verite a pou epaye nou moman dout yo.

Pandan l te manm Kolèj Douz Apot y, George{nb}Q. Cannon te mande pou nou toujou chèche gen Lespri a avèk nou. Li te pwomèt e, m ap pwomèt nou tou, ke si nou fè sa, “nou pap janm manke konesans” sou laverite, “nou pap janm nan dout ni nan fènwa,” epi “lafwa nou ap vin solid, lajwa [nou]… total.”2

Nou bezwen èd konstan konpayi Sentespri a pou yon lòt rezon ankò. Lanmò yon moun pa nou kapab vini sanzatann. Se temwayaj Sentespri a sou reyalite yon Papa eman ki nan Syèl la ak yon Sovè resisite ki ka ba nou esperans ak konsolasyon lè nou pèdi yon moun. Temwayaj sa a dwe frèch lè lanmò rive.

Konsa, pou anpil rezon, nou bezwen konpayi konstan Sentespri a. Nou vle l, men nou konnen pa eksperyans ke li pa fasil pou n kenbe. Nou chak panse, di, ak fè bagay nan lavi kotidyèn nou ki ka ofanse Lespri a. Senyè a anseye nou ke Sentespri a ap konpayon konstan nou lè kè nou “ranpli ak charite” ak lè “vèti gani panse [nou] san rete” (D&A 121:45).

Pou moun ki gen difikilte pou suiv prensip elve ki nesesè pou nou kalifye pou konpayi Lespri a, m ap ofri ankourajman sa a. Gen dè fwa kote nou konn santi enfliyans Sentespri a. Nou petèt te santi l jodia.

Nou ka trete moman enspirasyon sa yo tankou semans lafwa Alma te dekri a (gade Alma 32:28). Plante chak moman sa yo. Nou ka fè sa pandan n ap aji sou enspirasyon nou santi a. Enspirasyon ki pi presye a se konnen kisa Bondye ap tann nou fè. Si se peye dim oubyen al vizite yon zanmi aflije, nou dwe fè sa. Kèlkeswa sa l ye, fè li. Lè nou montre volonte nou pou obeyi, Lespri a ap voye plis enspirasyon ba nou sou sa Bondye ta renmen nou fè pou Li.

Si nou obeyi, enpresyon Lespri yo ap vini pi souvan, e n ap vin gen konpayi li plis anplis. Pouvwa nou pou chwazi bon bagay la ap ogmante.

Nou ka konnen lè pouse pou nou aji yo soti nan Lespri a olye yo soti nan pwòp dezi pa nou. Lè enpresyon yo an amoni avèk sa Sovè a ak pwofèt ak apot vivan l yo di, nou ka chwazi pou n obeyi an tout konfyans. Lè sa a, Senyè a ap voye Lespri li pou veye sou nou.

Pa egzanp, si nou resevwa enpresyon espirityèl pou nou sanktifye Jou Saba a, espesyalman lè sa parèt difisil, Bondye ap voye Lespri li pou ede nou.

Sa gen kèk ane, papa m te resevwa èd sa a lè travay li te mennen l an Ostrali. Li te poukont li yon jou Dimanch, epi li te anvi al pran Sentsèn. Li pa t ka jwenn okenn enfòmasyon sou reyinyon Legliz Sen Dènye jou yo. Konsa, li te kòmanse mache. Li te priye nan chak kafou pou l te ka konn ki wout pou l te pran. Apre l te fin mache ak vire pandan inèdtan, li te kanpe epi l te priye ankò. Li te santi enpresyon pou l te vire antre nan yon wout byen patikilye. Tousuit li te kòmanse tande chante ki t ap soti nan sousòl yon bilding ki te tou pre a. Li te gade nan fenèt la epi l te wè kèk grenn moun ki te chita bò yon tab ki te kouvri ak yon nap blanch avèk plato Sentsèn sou li.

Kounyeya, sa gen dwa pa anyen pou nou, men, sete yon bagay ekstraòdinè pou li. Li te konnen pwomès priyè Sentsèn nan te akonpli: “Toujou sonje l, epi respekte kòmandman l yo ke li te ba yo, pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo (D&A 20:77).

Sa sete sèlman youn nan egzanp sou okazyon kote l te konn priye ak fè sa Lespri a te di l Bondye te vle pou l fè. Li te kontinye fè sa atravè ane yo, jan nou menm avèk mwen ap fè a. Li pat janm te konn pale osijè espirityalite li. Li te senpleman kontinye ap fè ti bagay piti yo li te santi l pouse pou l te fè pou Senyè a.

Kèlkeswa lè yon gwoup Sen Dènye Jou te mande l pou l te pale avèk yo, li te fè sa. Sa pa t pwoblèm si te gen 10 moun oswa 50 moun, oubyen nan ki pwen l te fatige. Li te rann temwayaj li konsènan Papa a, Pitit la, Sentespri a, ak pwofèt yo, kèlkeswa lè Lespri a te pouse l fè sa.

Pi gwo apèl li te genyen nan Legliz la sete nan gran konsèy Pieu Bonneville la, kote li te konn al retire movezèb nan fèm pieu a, epi li te anseye yon klas Lekòldidimanch. Atravè ane yo, lè l te bezwen l, Sentespri a te toujou prezan kòm konpayon li.

M te kanpe bò kot papa m nan yon chanm lopital. Manman m, madanm ni depi 41 an an, te kouche sou kabann nan. Nou t ap veye sou li pandan plizyè èdtan. Nou te kòmanse wè mak soufrans yo ki t ap disparèt sou figi li. Dwèt nan men li, ki te fèmen byen di yo, te relache. Bra l te vin repoze bò kote li.

Soufrans depi dè deseni anba kansè a t ap fini. M te wè yon lapè sou vizaj li. Li te pran kèk souf byen kout, epi yon ral, epi apresa li te ale. Nou te kanpe ap tann pou wè si yon lòt souf t ap vini.

Finalman, papa m te di dousman: “Yon ti pitit fi retounen lakay li.”

Li pa t kriye. Sete paske byen lontan anvan sa, Sentespri a te ba l yon vizyon klè sou kiyès manman m te ye, ki kote l te soti, sa l te devni, ak kote l prale. Lespri a te temwaye li anpil fwa sou yon Pè Selès eman, sou yon Sovè ki te kraze pouvwa lanmò, ak sou reyalite sèlman tanp li te fè avèk madanm ni ak fanmi l lan.

Byen lontan anvan sa, Lespri a te asire li ke bonte manman m ak lafwa li te kalifye l pou l retounen al nan yon fwaye selès kote yo ta pral resevwa l kòm yon bèl pitit fi pwomès epi akeyi l lakay avèk onè.

Pou papa m, sete plis pase yon esperans. Sentespri a te fè sa vin yon reyalite pou li.

Kounyeya, gen moun ki ka di pawòl li yo ak imaj nan lespri li apwopo yon fwaye selès la sete jis yon santiman dou, ke sete jijman sonb yon mari nan moman l te pèdi madanm ni. Men, li te konn verite etènèl la nan sèl fason nou ka konnen l la.

Li sete yon moun lasyans ki te pase tout vi adilt li ap chèche konn laverite sou mond fizik la. Li te konn itilize zouti lasyans yo tèlman byen ke zanmi kanmarad toupatou nan mond lan te aklame li. Anpil nan sa l te fè nan chimi yo te vini apati reprezantasyon mantal li te fè sou mouvman molekil yo, ke l te konfime atravè eksperyans nan laboratwa apresa.

Men, li te suiv yon wout diferan pou l te dekouvri verite ki te konte plis pou li ak pou nou chak yo. Se sèlman atravè Sentespri a nou ka wè moun ak evenman yo jan Bondye wè yo a.

Don sa a te kontinye nan lopital la apre madanm ni te fin mouri a. Nou te rasanble bagay manman m yo pou n te pote yo lakay. Papa m te kanpe pou l te remèsye enfimyè ak chak doktè nou te rankontre sou wout pou n t al nan machin nan. M sonje m te santi, avèk agasman, ke nou te dwe ale pou n te ka poukont nou avèk chagren nou an.

Kounyeya m reyalize ke l te wè bagay yo senpleman jan Sentespri a te montre l yo. Li te wè moun sa yo kòm zanj Bondye te voye pou te veye sou byeneme l la. Moun sa yo te petèt wè tèt yo kòm pwofesyonèl sante, men papa m te remèsye yo pou sèvis yo te bay nan non Sovè a.

Enfliyans Sentespri a te kontinye rete avèk li lè nou te rive lakay paran m yo. Nou te pale nan salon an pandan kèk minit. Papa m te ekskize l pou l t al nan chanm ni tou pre a.

Apre kèk minit, li te retounen nan salon an. Li te gen yon bèl souri sou figi li. Li te mache vin jwenn nou epi l te di: “M te pè pou Mildred pa t rive poukont li nan mond dèzespri a. M panse l ta ka santi l pèdi nan foul la.”

Epi, li te di jwayezman: “M fèk sot priye. M konnen Mildred oke. Manman m te la pou akeyi li.”

M sonje m te souri lè l te di sa a, m t ap imajine grann mwen, k ap kouri sou janm kout li yo, pou l travèse yon foul moun pou l te asire ke l te la pou akeyi ak anbrase bèlfi l la lè l te rive.

Kounyeya, youn nan rezon k fè papa m te mande epi l te resevwa rekonfò sa a sete paske li te toujou priye ak lafwa depi nan anfans li. Li te abitye jwenn repons ki te vin nan kè l pou ba l rekonfò ak direksyon. Anplis abitid priye a, li te konn li ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo. Se poutèt sa, li te rekonèt chichotman familye Lespri yo, ke nou pwobableman santi jodia.

Konpayi Lespri a te fè plis pase rekonfòte li ak gide li. Li te chanje l atravè Ekspyasyon Jezikri a. Lè nou aksepte pwomès sa a pou nou toujou gen Lespri a avèk nou an, Sovè a ka akòde pirifikasyon nou bezwen pou lavi etènèl la, pi gwo nan tout kado Bondye yo (D&A 14:7).

Na sonje pawòl Sovè a: “Kounyeya, men kòmandman an: Repanti, noumenm ki nan tout kwen tè yo, vin jwenn mwen, e batize nan non m, pou nou kapab sanktifye lè nou resevwa Sentespri a, pou nou kapab kanpe san tach devan m nan dènye jou a” (3 Nefi 27:20).

Kòmandman sa yo mache avèk pwomès sa a Senyè a fè nou:

“Epi kounyeya, anverite, anverite, m di ou, mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen---wi, pou yo fè sa ki jis, pou yo mache avèk imilite, pou yo jije avèk lajistis; epi se Lespri pa m nan.

“Anverite, anverite, m di ou, m ap ba ou yon mòso nan Lespri m, ki pral klere panse ou, ki pral ranpli nanm ou avèk lajwa” (D&A 11:12–13).

Mwen rann temwayaj ke Bondye Papa a vivan, Jezikri resisite a ap dirije Legliz sa a, Thomas{nb}S. Monson detni tout kle prètriz yo, epi revelasyon atravè Sentespri a gide ak soutni Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ak manm enb li yo.

Mwen temwaye tou ke mesye ekstraòdinè sa yo ki te pale avèk nou jodia kòm temwen Senyè a, Jezikri, epi antanke manm Kolèj Douz Apot yo, se Bondye ki aple yo. Mwen konnen ke Lespri a te gide Prezidan Monson pou l te aple yo. Epi, lè nou te koute diskou yo ak temwayaj yo a, Sentespri a te konfime nou sa m ap di nou la a. Se Bondye ki aple yo. Mwen soutni yo e m renmen yo e m konnen Senyè a renmen yo e l ap soutni yo nan sèvis yo. E m fè sa nan non Senyè a, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la (2010), 20,3.10.

  2. Gade George Q. Cannon, nan “Minutes of a Conference,” Millennial Star, Me 2, 1863, 275–76.

Enprime