2015
Karakteristik Divin Jezikri: Konpatisan epi Janti
desanm 2015


Mesaj vizit nan fwaye, Desanm 2015

Karakteristik Divin Jezikri: Konpatisan epi Janti

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Nan ki fason konpreyansyon kalite divin Sovè a ogmante lafwa nou nan Li e beni moun n ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye yo? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Imaj
So Sosyete Sekou a

Lafwa, Fanmi, Sekou

“Nan ekriti yo, kompasyon vle di egzakteman “pou soufri avèk” Li vle di tou pou montre senpati, pitye, avèk mizèrikòd pou yon lòt moun.”1

Prezidan Thomas S. Monson te di, “Jezi te ban nou plizyè egzanp sou konpasyon.” “Nonm enfim nan dlo Betesda a; dam yo te pran nan adiltè a; dam ki te bò pui Jakòb la; pitit fi Jayiris la: Laza, frè Mari ak Mat la—yo chak te reprezante on viktim sou wout Jeriko a. Chak te bezwen èd.

“Pou nonm enfim Betesda a, Jezi te di, ‘Leve, pran kabann ou, epi mache.’ A dam ki te pechè a te vini konsèy sa a, ‘Ale, e pa peche ankò.’ Pou ede sa ki te vin tire dlo nan pui a, Li te ba li yon pui dlo ‘ki se yon sous ki bay lavi etenèl.’ A pitit fi Jayiris la ki te mouri a, kòmand sa a te vini, “Tifi, mwen di ou, leve.” A Laza ki te nan tonm lan, ‘Soti deyò.’

Sovè a te toujou montre kapasite san limit pou konpasyon … Annou louvri pòt kè nou, pou Li menm—egzanp vivan sou vrè konpasyon an—kapab antre.”2

Ekriti adisyonèl

Sòm 145:8; Zakari 7:9 1 Pyè 3:8; Mozya 15:1; 3 Nefi 17:5–7

Nan Ekriti yo

Linda S. Reeves, dezyèm konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a te di, “Mari m ansan avèk mwen te mete nou ajenou bò kote pitit fi 17 an nou an e nou te plede pou lavi li.” “Repons lan te non, men … nou te vin konnen … ke.… [Sovè a] santi konpasyon pou nou nan lapenn nou yo.”

“Youn nan Istwa m pi renmen nan lavi Sovè a se istwa Laza a. Ekriti yo di nou ke ‘Jezi te renmen Mat, … sè li a [Mari], ak [frè yo a] Laza.’”4Lè Laza te vin malad, yo te voye di Jezi sa, men lè li te rive Laza te gentan mouri. Mari te kouri al jwenn Jezi, li te tonbe nan pye l, epi li te kriye. Lè Jezi te wè Mari ap kriye, “kè l t ap rache, epi … li te kriye” (Jan 11:33, 35).

“Sa se responsabilite nou. Nou dwe santi ak wè pou tèt pa nou epi apresa ede tout pitit Papa nou ki nan Syèl la santi, wè ak konnen ke Sovè nou an te pran sou tèt li non sèlman tout peche nou yo men lapenn ak soufrans ak afliksyon nou yo tou, pou Li kapab konnen kisa nou santi ak kijan pou l rekonfòte nou.”

Nòt

  1. Gid pou ekriti yo, “Konpasyon.”

  2. Thomas S. Monson, “Kado Konpasyon an.” Liahona,Mas 2007, 4–5, 8.

  3. Linda S. Reeves, “The Lord Has Not Forgotten You,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 120.

  4. Linda S. Reeves, “The Lord Has Not Forgotten You,” 118

  5. Linda S. Reeves, “The Lord Has Not Forgotten You,” 120

Konsidere Sa

Kiyès ki ta kapab beni pa konpasyon ou?

Enprime