2015
Prepare tan pou Sovè a
desanm 2015


Mesaj Premye Prezidans, Desanm 2015

Prepare tan pou Sovè a

Yon lòt sezon Nwèl rive epi avèk li kòmansman yon nouvèl ane. Li sanble ke se sèlman yè nou t’ap selebre nesans Sovè a ak pran rezolisyon.

Pami rezolisyon nou pou ane sa a, èske nou te pran rezolisyon pou nou rezève tan nan lavi nou avèk espas nan kè nou pou Sovè a? Kèlkeswa degre siksè nou jiskaprezan avèk yon rezolisyon konsa, mwen rete konvenki ke nou tout ta renmen fè pi byen. Sezon nwèl sa a se moman pafè pou nou egzamine e renouvle efò nou yo.

Nan lavi okipe nou, avèk si anpil lòt bagay k ap eseye kapte atansyon nou, li esansyèl pou nou fè yon efò konsyan e anganje pou nou mennen Kris la nan lavi nou ak nan fwaye nou. Epi li enpòtan ke, menmjan ak Wa Maj yo ki te soti nan Lès la, nou kenbe je nou fikse sou zetwal Li a epi “vini pou adore li.”1

Atravè jenerasyon tan yo, mesaj Jezi a rete menm nan. Bò rivaj Galile a, li te di Pyè ak Andre, “Suiv mwen.”2 Apèl sa a te vini pou Filip: “Suiv mwen.”3 Li te bay Levit la ki te chita ap resevwa taks yo enstriksyon sa a: “Suiv mwen.”4 Epi pou ou menm avèk mwen, si nou sèlman koute, n ap resevwa menm envitasyon sa a: “Suiv mwen.”5

Pandan n ap suiv tras pa Li jodia e pandan n ap imite egzanp Li, n ap gen opòtinite pou nou beni lavi lòt moun. Jezi envite nou pou nou bay tèt nou: “Gade, Senyè a mande kè a avèk yon lespri byen dispoze.”6

Èske gen you moun ke ou ta dwe rann sèvis pandan Nwèl sa a? Èske gen yon moun ki ap tann vizit ou?

Sa gen kèk ane, m t al vizite lakay yon granmoun vèv pou Nwèl. Pandan m te la a, sonèt la te sonnen. La devan pòt la, te gen yon doktè renome e trè okipe ki te kanpe. Pa t gen moun ki te rele l; men, li te jis santi l pouse pou l te vizite yon pasyan ki te poukont li.

Pandan sezon sa a, kè moun ki solitè yo ap tann e yo anvi yon vizit Nwèl. Yon epòk Nwèl, pandan m t ap vizite yon sant sante, m te chita pou m te pale avèk senk granmoun fi, pi gran an te gen 101 an. Li te avèg, malgre sa li te rekonèt vwa m.

Li te di, “Evèk, ou on tijan an reta ane sa a!” “M te panse ou pa tap janm vini.”

Nou te pase on bon moman ansanm. Men, te gen yon pasyan ki t ap gade nan fenèt la avèk anvi epi ki t ap repete plizyè fwa: “M konnen pitit gason m nan ap vin wè m jodi a.” M te mande tèt mwen èske li t ap fè sa, paske te gen lòt sezon Nwèl kote li pa t janm vini.

Gen tan toujou ane sa a pou nou lonje yon men edan, yon kè chaje lanmou, ak yon lespri byen dispoze—otremandi, pou nou suiv egzanp Sovè nou an te trase epi pou nou sèvi jan Li ta renmen nou sèvi. Pandan n ap sèvi L la, nou pa p pèdi opòtinite, jan mèt otèl lontan an te fè a,7 pou nou rezève tan pou li nan lavi nou ak plas pou li nan kè nou.

Èske nou ka konprann bèl pwomès ki nan mesaj zanj la te bay bèje yo ki te nan jaden an: “M ap anonse nou yon bòn nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan. … Paske jodi a … nou gen yon Sovè ki fenk fèt, ki se Kris la, Senyè a”?8

Pandan nou ap fè echanj kado pandan Nwèl la, se pou nou sonje, apresye, e resevwa pi gran kado nan pami tout kado a—kado Sovè nou e Redanmtè nou an, pou nou ka gen lavi etènèl.

“Paske kisa sa itil yon moun si yo te ba li yon don, epi li pa resevwa don an? Gade, li pa rejwi l nan bagay yo te ba li a, ni tou moun ki te ba l don an pa rejwi tou.9

“Se pou nou suiv Li, sèvi Li, onore Li, epi resevwa kado Li ba nou an nan lavi nou, pou ke, selon pawòl Leyi yo, nou kapab “ansèkle etènèlman nan bra lanmou li.”10

Ansèyman nan Mesaj Sa a

Prezidan Monson fè apèl a nou menm pou nou “fè yon efò konsyan e angaje pou nou mennen Kris la nan lavi nou ak nan fwaye nou.” Panse pou w diskite avèk moun w ap ansenye yo sou fason yo kapab fè efò konsyan sa a endividyèlman e antanke fanmi tou. Ou gen dwa mande yo pou yo reflechi sou yon moun oubyen yon fanmi espesifik yo ta kapab vizite oubyen rann sèvis pou Nwèl sa a. Gen tan toujou ane sa a pou nou lonje yon men edan, yon kè chaje lanmou, ak yon lespri byen dispoze.”

Enprime