2015
Fason pou nou sèvi nan sezon Nwèl la
desanm 2015


Jèn yo

Fason pou nou sèvi nan sezon Nwèl la

Prezidan Monson pran tan pou l vizite granmoun yo ak moun ki nan sant sante yo, espesyalman nan sezon Nwèl. Li te note ke gen moun ki kontan paske yo te resevwa vizit, pandan ke gen lòt ki sèlman espere vizitè ki pa janm vini. Gen moun ki ap tann yon moun—petèt Nwèl sa a,ou kapab moun sa a.

Lis sa a se jis kèlke fason ou kapab asire ou ke pèsòn moun pa santi yo pou kont yo pandan Nwèl sa a. Reflechi sou plizyè lòt fason ou kapab ede nan kominote ou sezon sa a. “Èske gen yon moun ki ap tann vizit ou?

  • Fè kat nwèl pou voye pou misyonè yo ak moun selibatè yo ak manm ki granmoun yo nan pawas oubyen branch ou a.

  • Pote tèt ou volontè pou yon òganizasyon lokal nan kominote a.

  • Bay zanmi ou ak vwazen ou Liv Mòmon an kòm kado Nwèl.

  • Vizite granmoun nan pawas ou yo oubyen nan fanmi ou.

  • Fè ti manje pou delivre bay vwazen ou yo.

Enprime