2016
Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan
janvye 2016


Mesaj vizit nan fwaye, Janvye 2016

Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche konnen kisa pou w pataje. Kòman konpreyansyon doktrin fanmi an ap beni moun w ap veye sou yo atravè vizit nan fwaye yo? Pou plis enfòmasyon, ale nan reliefsociety.lds.org.

Lafwa, Fanmi, Sekou

Apwopo reyinyon jeneral Sosyete Sekou an 1995 la, kote Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) te premye li: “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Bonnie L. Osarson, prezidant general Jènfi yo, di: “Nou te rekonesan pou klate, senplisite, ak verasite dokiman revelasyon sa a. … Pwoklamasyon sou fanmi an vin yon referans pou nou jije filozofi mond lan, e mwen temwanye ke prensip ki ladan l yo … se verite jodi a menmjan yo te verite lè yon profèt Bondye te banou l yo sa gen prèske 20 tan an.”1

Carole M. Stephens, premyè konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a te ajoute: “Nan Pwoklamasyon sou fanmi an, nou aprann ke nan lavi premòtèl la, pitit gason ak pitit fi lespri yo te konnen Bondye e yo te rekonèt Li kòm Papa Etènèl yo epi yo te adore li’2

“… Nou tout fè pati fanmi Bondye a epi yo bezwen nou ladan li.”3

N ap viv nan yon tan kote paran yo dwe pwoteje fwaye yo ak fanmi yo. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” kapab gide nou.

Ekriti adisyonèl

Mozya 8:16–17;Doktrin ak Alyans 1:38

Istwa Vivan

“Lee Mei Chen Ho ki soti nan twazyèm pawas Tao Yuan lan, nan Pye Tai Yuan, Taiwan nan te di pwoklamasyon an te aprann li ke relasyon familyal ede devlope karakteristik diven tankou lafwa, pasyans, ak lanmou. Li te di: ‘Lè m eseye amelyore tèt mwen selon pwoklamasyon an, mwen kapab jwenn vrè kontantman.4

Barbara Thompson, ki te la lè yo te li pwoklamasyon an pou lapremyèfwa a epi ki nan apre te vin sèvi kòm konseyè nan prezidans jeneral Sosyete Sekou a, te di: ’M te panse pandan yon ti moman ke [pwoklamasyon sou fanmi an] pa t twò konsène m paske m pa t marye e m pa t gen pitit. Men prèske tousuit apre, m te vin panse: “Men li konsène mwen. Mwen se manm yon fanmi. Mwen se yon pitit fi, yon sè, yon matant, yon kouzin, yon nyès, yon pitit pitit fi. … Menm si m sete sèl manm vivan nan fanmi mwen, m toujou yon manm nan fanmi Bondye a.’”5

Nòt

  1. Bonnie L. Oscarson, “Defansè Pwoklamasyon Fanmi an,” Liahona, Me 2015, 14–15.

  2. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan,” Liahona, Nov. 2010, 129.

  3. Carole M. Stephens, “Fanmi an Soti nan Bondye,” Liahona, Me 2015, 11.

  4. Nicole Seymour, “‘Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan atenn 10 zyèm ane li. Liahona, Nov. 2005, 127.

  5. Barbara Thompson, nan Pitit Fi nan Wayòm Mwen an: Istwa avèk travay Sosyete Sekou (2011), 148

Panse Sou Sa

Kijan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou mond lan” se yon dokiman pou epòk pa nou an?