2017
Pwofèt pou Dirije Nou
September 2017


Mesaj Premye Prezidans lan, Septanm 2017

Pwofèt pou Gide Nou

Sa gen kèk ane, m te chita nan sal kote Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo reyini yon fwa pa semèn nan Tanp Salt Lake City a. Mwen tap kontanple mi ki anfas Premye Prezidans lan e m te wè foto tout Prezidan Legliz yo sou li.

Pandan m tap gade yo, pwofèt ki te la anvan yo—soti nan Pwofèt Joseph Smith (1805–1844) rive nan Prezidan Gordon B. Hinckley (1910–2008) m te di “Ala rekonesan m rekonesan pou konsèy yo chak.”

Yo se gwo mesye ki pa janm ezite, ki pa janm febli e ki pa janm echwe. Yo se moun Bondye. Lè m panse a profèt tan modèn yo ke mwen konnen ak renmen yo, mwen sonje lavi yo, kalite yo, ak ansèyman enspire yo.

Prezidan Heber J. Grant (1856–1945) sete Prezidan Legliz la lè m te fèt. Lè m ap kontanple lavi l ak ansèyman l yo, mwen kwè yon trè Prezidan Grant te toujou demontre se te pèsistans—pèsistans nan bagay ki bon ak nòb.

Prezidan George Albert Smith (1870–1951) te Prezidan Legliz la nan epòk lè m tap sèvi kòm evèk pawas mwen an nan Salt Lake City. Li te konstate ke gen yon gwo tirekòd ant Senyè a ak advèsè a. Li te anseye: “Si w rete sou bò Senyè a nan kòd la, w ap anba enfliyans li e ou pap anvi fè anyen ki pa bon.”1

Prezidan David O. McKay (1873–1970) te aple m pou m te sèvi kòm manm Kolèj Douz Apot yo an 1963. Li te anseye konsiderasyon pou lòt moun pa fason li te viv lavi l. Li te di: “Vrè Krisyanis la se lanmou an aksyon.”2

Prezidan Joseph Fielding Smith (1876–1972), youn nan ekriven ki pi pwolifik nan Legliz la, te konsidere konesans pwofon levanjil la kòm yon prensip gid nan lavi l. Li te toujou ap li ekriti yo e li te pi konnen ansèyman ak doktrin ki nan paj ekriti yo pase okenn moun mwen janm konnen.

Prezidan Harold B. Lee (1899–1973) te sèvi kòm prezidan pye m lè m te piti. Yon sitasyon li te renmen anpil se te “Kanpe kote ki sen yo, epi pa deplase.”3 Li te ankouraje Sen yo pou yo rete an amoni avèk Sentespri a epi pou yo reponn a enspirasyon L yo.

Mwen kwè yon prensip gid nan lavi Prezidan Spencer W. Kimball (1895–1985) se ta konsekrasyon. Li te konsakre konplètman epi nan yon fason byen klè pou Senyè a. Li te konsakre tou pou l viv levanjil la.

Lè Prezidan Ezra Taft Benson (1899–1994) te vin Prezidan Legliz la, li te ban m apèl pou m te sèvi kòm Dezyèm Konseye l nan Premye Prezidans lan. Prensip gid li se te lanmou, sa ki te enkòpore nan sitasyon favori l la, ki te soti nan bouch Sovè a: “Ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen.”4

President Howard W. Hunter (1907–1995) se te yon moun ki te toujou ap chèche sa ki pi bon nan lòt moun. Li te toujou koutwa; li te toujou enb. Se te yon privilèj pou mwen pou m te sèvi kòm Dezyèm Konseye l.

Presidan Gordon B. Hinckley te anseye nou pou nou fè tout sa nou kapab. Li te rann yon temwayaj puisan konsènan Sovè a ak misyon Li. Li te anseye nou avèk lanmou. Se te yon onè ak yon benediksyon pou mwen pou m te sèvi kòm Premye Konseye l.

Sovè a voye pwofèt yo paske Li renmen nou. Pandan konferans jeneral Oktòb sa a, Otorite Jeneral yo nan Legliz la ap gen privilèj pou yo pataje pawòl Li. Nou apwoche responsablite sa a avèk solanite ak imilite.

Ala beni nou beni paske Legliz retabli Jezikri a sou tè a epi tou paske Legliz la fonde sou wòk revelasyon. Revelasyon kontini se esans levanjil Jezikri a.

Se pou nou prepare nou pou nou resevwa revelasyon pèsonèl ki vini an abondans pandan konferans jeneral yo. Se pou kè nou ranpli avèk detèminasyon pwofon lè nou leve men nou pou nou soutni pwofèt vivan yo ak apot yo. Se pou nou eklere, edifye, rekonfòte, ak fòtifye lè nou koute mesaj yo. Epi se pou nou prepare nou pou nou re-angaje nou devan Senyè Jezikri—Levanjil Li a ak travay Li a – epi pou nou viv avèk yon nouvo rezolisyon pou nou respekte kòmandman yo ak fè volonte L.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: George F. Smith 2011), 191.

  2. Enseignements des Présidents de l’Église: David O. McKay (2003), 181.

  3. Doktryn ak Alyans 87:8

  4. 3 Nefi 27:21.

Enprime