2017
Antoure sa ki egare yo avèk lanmou
October 2017


Mesaj vizit nan fwaye, Oktòb 2017

Antoure sa ki egare yo avèk lanmou

Etidye materyèl sa a nan lapriyè epi chèche enspirasyon pou ou ka konnen kisa pou ou pataje. Nan ki fason konprann bi Sosyete Sekou ap prepare pitit fi Bondye yo pou benediksyon lavi etènèl yo?

Imaj
Relief Society seal

Lafwa, Fanmi, Sekou

Prezidan Dieter F. Uchtdorf, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan, te di: “Reyalite a sèke pa gen okenn fanmi ki pafè …” “Kèlkeswa pwoblèm fanmi w ap rankontre, kèlkeswa sa w ta dwe fè pou rezoud yo, komansman ak fen solisyon an se charite, amou pi Kris la.”1

Konsènan moun ki pa totalman aktif yo nan levanjil la, Linda K. Burton, ansyen Prezidant Jeneral Sosyete Sekou a, te di: “Pè Selès la renmen tout pitit Li. … Kèlkeswa kote yo ye—sou chemen an oubyen egare—Li vle yo retounen lakay.”2

Prezidan Joseph F. Smith (1838–1918) te anseye: “Kèlkeswa lwen [pitit nou yo] ka egare kite chemen an, … lè n ap pale avèk yo, pa fè sa ak kòlè, nan yon espri pou kondane yo.” “Pale avèk yo jantiman.”3

Èldè Brent H. Nielson nan Swasanndis yo te repete enstriksyon Sovè a te bay moun ki te pèdi 10 pyès lajan yo ak moun ki te pèdi youn yo: “Chèche jiskaske nou jwenn ni. Lè moun ki egare a se pitit gason nou oswa pitit fi nou, frè nou oubyen sè nou, … apre tout sa nou kapab fè, se pou nou renmen moun sa a ak tout kè nou. …

“Se pou noumenm avèk mwen resevwa revelasyon pou n konn ki pi bon fason pou n apwoche moun pwòch nou ki pèdi yo epi, lè sa nesesè, pou n gen pasyans ak amou Pè Selès la ak Pitit Gason L lan, Jezikri, pandan n ap renmen, veye, epi ret tann anfan pwodig la.”4

Prezidan Henry B. Eyring, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan te di: “Mwen konn priye ak lafwa pou yon moun mwen renmen te chèche ak santi pouvwa Ekspyasyon an. Mwen konn priye ak lafwa pou zanj sou tè a ka vin pote èd pou yo, epi yo konn vini.

“Bondye prepare mwayen pou sove chak pitit Li.”5

Ekriti ak enfòmasyon adisyonèl

Matye 18:12; Alma 31:35; 3 Nefi 13:32; D&A 121:41–42

reliefsociety.lds.org

Nòt

  1. Dieter F. Uchtdorf, “In Praise of Those Who Save,” Liahona, Me 2016, 79, 80.

  2. Linda K. Burton, nan Sarah Jane Weaver, “Sister Burton, Sister Wixom Visit Church’s Pacific Area,” Church News, Avr. 2, 2013, lds.org/church/news.

  3. Enseignements des présidents de l’église: Joseph F. Smith1998), 247.

  4. Brent H. Nielson, “Waiting for the Prodigal,” Liahona, Me 2015, 103.

  5. Henry B. Eyring, “To My Grandchildren,” Liahona, Nov. 2013, 71.

Enprime