2018
Non korèk Legliz la
Novanm 2018


Non korèk Legliz la

Jezikri te kòmande nou pou n rele Legliz la pa non li paske se Legliz li, ki ranpli avèk pouvwa li.

Frè ak Sè byenneme m yo, nan bèl jou Saba sa a, nou rejwi ansanm nan pil benediksyon Senyè a ba nou yo. Nou rekonesan pou temwayaj nou sou levanjil retabli Jezikri a, pou sakrifis nou fè pou n rete oubyen retounen sou wout alyans li a, epi pou sèvis devwe nou nan Legliz li a.

Jodia, m santi m pouse pou m abòde yon sijè ki gen gwo enpòtans. Sa gen kèk semèn, m te pibliye yon deklarasyon konsènan rektifikasyon non Legliz la.1 Mwen te fè sa paske Senyè a te fè m konprann enpòtans non li te dekrete pou Legliz li a, Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. 2

Jan nou te ka atann, reyaksyon k te genyen pou deklarasyon sa a ak gid stilistik revize sa a3 te varye. Anpil manm te imedyatman korije non Legliz la sou blòg ak sou paj medya sosyal yo. Gen lòt ki t ap mande tèt yo poukisa, avèk tout sa k ap pase nan mond lan, li te nesesè pou nou ensiste sou yon bagay ki si “san konsekans“ konsa. Epi gen kèk ki te di sa pa t ap ka fèt, e yo t ap mande yo poukisa n ap menm eseye fè l? Kite m eksplike poukisa nou sousye anpil pou bagay sa a. Men, toudabò, kite m di nou kisa efò sa a pa ye:

  • Li pa yon chanjman non.

  • Li pa chanjman yon mak.

  • Li pa yon zafè kosmetik.

  • Li pa yon fantezi.

  • Epi li pa san konsekans.

Okontrè, li se yon koreksyon. Li se yon kòmandman Senyè a. Joseph Smith pa t deside non Legliz retabli a pou tèt pa li; ni Mòmon non plis. Se Sovè a limenm ki te di: “Paske se konsa legliz mwen an pral rele nan dènye jou yo, ki vledi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.”4

Menm anvan sa, nan ane 34 Anvan Kris la, Senyè a te bay manm Legliz li yo menm enstriksyon an lè l te vizite yo nan Kontinan Ameriken an. Nan moman sa a, li te di:

“Nou dwe bay legliz la pote non mwen. …

“Epi, kouman pou li ta legliz mwen si l pa pote non mwen? Paske, si yon legliz pote non Moyiz, se legliz Moyiz li ye; oubyen si l pote non yon moun, se legliz moun nan; men si l pote non mwen, se legliz mwen li ye, si l fonde sou levanjil mwen an.”5

Donk, non Legliz li a pa negosyab. Lè Sovè a klèman deklare kisa non Legliz li a dwe ye, e menm presede deklarasyon l la pa pawòl sa yo: “Se konsa legliz mwen an pral rele,“ li serye. Epi, si nou pèmèt yo itilize tinonjwèt oubyen nou adopte ooubyen menm sipòte tinonjwèt sa yo noumenm, nou ofanse li.

Kisa k nan yon non, nan ka sa a, yon tinon? Nan sa k konsène tinon Legliz la, tankou “Legliz LDS,“ “Legliz Mòmon“ an, oswa “Legliz Sen Dènye Jou yo,“ bagay ki pi enpòtan nan non sa yo se absans non Sovè a. Retire non Senyè a nan non Legliz Senyè a se yon gwo viktwa pou Satan. Lè nou retire non Sovè a, nou sibtilman ap inyore tout sa Jezikri te fè pou nou—menm Sakrifis Ekspyatwa l la.

Ann konsidere sa nan pwendvi pa li: Nan lavi premòtèl la, li sete Jewova, Bondye Ansyen Testaman an. Sou direksyon Papa li, li sete Kreyatè mond sa a ak lòt mond.6 Li te chwazi soumèt anba volonte Papa lepi fè yon bagay pou tout pitit Bondye yo ke okenn lòt moun pa t ka fè! Li te konsanti pou l te vini sou tè a kòm Sèl Pitit Literal Papa a nan lachè, yo te britalman ensilte li, moke li, krache sou li, ak flajele li. Nan Jaden Jetsemani an, Sovè nou an te pran sou tèt li tout doulè, tout peche, ak tout angwas ak soufrans oumenm avèk mwen epi tout moun ki te viv oswa ki pral viv p ap janm eksperimante. Anba pwa fado atwòs sa a, li te senyen nan tout twou kò li.7 Tout soufrans sa a te entansifye lè yo te krisifye l kriyèlman sou kwa Kalvè a.

Atravè eksperyans atwòs sa yo ak Rezireksyon l nan apre a—Espyasyon enfini l la—li akòde tout moun imòtalite, epi l rachte nou chak anba konsekans peche, akondisyon pou nou repanti.

Apre Rezireksyon Sovè a ak lanmò Apot li yo, mond lan te plonje nan plizyè syèk tenèb. Apresa, nan ane 1820 an, Bondye Papa a ak Pitit gason l lan, Jezikri, te parèt devan Joseph Smith pou yo te kòmanse Retablisman Legliz Sen yè a.

Apre tout sa l te andire—apre tout sa l fè pou limanite—mwen reyalize avèk pwofon regrè ke nou envolontèman konsanti pou rele Legliz retabli Senyè a pa lòt non, chak nan non sa yo efase non sakre Jezikri a!

Chak Dimanch lè nou pran sentsèn nan diyman, nou renouvle pwomès sakre nou te fè Pè Selès la pou nou dispoze pou pran non Pitit Gason l lan Jezikri, sou tèt nou.8 Nou pwomèt pou nou suiv li, pou nou repanti, kenbe kòmandman l yo, epi toujou sonje li.

Lè nou retire non l nan Legliz li a, san nou pa rann nou kont, nou retire li kòm sant lavi nou.

Pran non Sovè a sou nou mande pou nou deklare ak temwaye bay lòt moun—atravè aksyon nou ak pawòl nou—ke Jezi se Kris la. Èske nou sitèlman pè pou n pa ofanse yon moun ki rele nou “Mòmon“ ke nou pa defann Sovè a limenm, pou n pran pozisyon pou li menm nan zafè non yo rele Legliz li a?

Si noumenm, antanke pèp epi endividyèlman, nou dwe gen aksè nan pouvwa Ekspyasyon Jezikri a—pou netwaye nou ak geri nou, pou fòtifye nou ak mayifye nou, epi finalman egzalte nou—an, nou dwe klèman rekonèt li kòm sous pouvwa sa a. Nou ka kòmanse nan rele Legliz li a pa non ke l te dekrete a.

Pou pifò mond lan, Legliz Senyè a aktyèlman rekonèt kòm “Legliz Mòmon“ an. Men, noumenm, kòm manm Legliz Senyè a, nou konn kiyès ki kanpe alatèt li: Jezikri limenm. Malerezman, anpil moun ki tande tèm Mòmon an ka panse ke nou adore Mòmon. Se pa vre! Nou onore ak respekte ansyen pwofèt Ameriken admirab sa a.9 Men nou pa disip Mòmon. Nou se disip Senyè a.

Nan premye tan retablisman Legliz la, yo te souvan itilize ekspresyon tankou Legliz Mòmon ak Mòmon yo10 kòm kalifikatif—kòm tèm ensilt ak jouman—ke yo te bay pou te efase men Bondye nan retablisman Legliz Jezikri a nan dènye jou sa yo.11

Frè m ak sè m yo, gen anpil agiman pwofàn ki kanpe kont ide pou retabli non kòrèk Legliz la. Akoz mond dijital na p viv jodia epi avèk kapasite amelyore motè rechèch ki ede nou jwenn enfòmasyon nou bezwen an prèske enstantaneman an—enkli enfòmasyon sou Legliz Senyè a—kritik yo di ke yon koreksyon nan moman sa a pa fè sans. Gen lòt moun ki panse paske yo deja telman rekonèt nou kòm “Mòmon“ epi kòm “Legliz Mòmon“ an, nou ta dwe jis pwofite de sa.

Si sete yon diskisyon konsènan yon òganizasyon ki te kreye pa lèzòm, agiman sa yo ta ka pase. Men, nan sijè vital sa a, nou tounen nou vè moun ki se mèt Legliz sa a epi nou rekonèt ke fason Senyè a pa, e pa p janm, fason lèzòm. Si nou pasyan epi nou fè pati pa nou an byen, Senyè a ap gide nou atravè tach enpòtan sa a. Aprè tou, nou konnen ke Senyè a ede moun ki chèche fè volonte li, menmjan l te ede Nefi akonpli tach pou l te konstwi yon bato pou travèse lanmè a.12

Nou pral veye pou nou gen koutwazi ak pasyans nan efò nou pou korije erè sa yo. Medya serye yo pral fè prèv senpati nan reponn rekèt nou an.

Nan yon konferans jeneral anvan sa, Èldè Benjamin De Hoyos te pale de yon sitiyasyon konsa. Li te di:

Sa gen kèk ane, pandan m t ap sèvi nan biwo zafè piblik Legliz la nan Meksik, [yon konpayon avèk mwen] te resevwa envitasyon pou n te patisipe nan yon emisyon radyo. … [Youn nan direktè pwogram yo], te mande [nou], ‘Poukisa Legliz la gen yon non ki long konsa?

“Konpayon m nan avèk mwen te souri pou kesyon mayifik sa a epi nou te kòmanse eksplike ke se pa lòm ki te chwazi non Legliz la. Se Sovè a ki te bay li. … Direktè pwogram nan te imedyatman reponn avèk respè: ‘Si se konsa, nou pral repete l avèk gran plezi.“13

Resi sa a ba nou yon modèl. Youn pa youn, sa pral mande maksimòm efò pèsonèl nou pou n korije erè ki te glise antre sa a atravè ane yo.14 Rès mond lan gen dwa suiv egzanp nou ou pa nan rele nou pa non kòrèk la. Men sa t ap ipokrit si, bò kote pa nou, nou pa kontan lè mond lan rele Legliz li a ak manm li yo pa yon move non pandan ke noumenm n ap fè menm bagay la.

Gid revize nou an ka ede. Li deklare: “An premye referans, li ta pi bon pou n itilize non konplè Legliz la: ‘Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.‘ Si nou ta bezwen yon [dezyèm] vèsyon abreje, nou rekòmande tèm ‘Legliz la‘ oswa ‘Legliz Jezikri‘ a. ‘Legliz retabli Jezikri‘ a kòrèk e nou rekòmande l tou.“15

Si yon moun ta mande, “Èske w se yon Mòmon?“ ou ka reponn: “Si w ap mande m si m se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, wi, mwen se youn!

Si yon moun mande, “Èske w se yon Sen Dènye Jou?”16 ou gen dwa reponn: “Wi, m se youn. Mwen kwè nan Jezikri epi m se manm Legliz retabli l la.

Chè frè m ak sè m yo, mwen pwomèt nou ke, si nou fè tout sa n kapab pou retabli non kòrèk Legliz Senyè a, limenm ki se mèt Legliz sa a ap devèse pouvwa ak benediksyon l sou tèt Sen Dènye Jou yo,17 nan fason nou pa t janm wè. N ap gen konesans ak pouvwa Bondye pou ede nou pote benediksyon levanjil retabli Jezikri yo bay chak nasyon, ras, lang, ak pèp epi prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè a.

Donk, kisa k gen nan yon non? Nan sa ki gen pou wè ak non Legliz Senyè , repons lan se “Tout bagay!” Jezikri te enstwi nou pou n rele Legliz la pa non li paske se Legliz li, ki ranpli avèk pouvwa li.

Mwen konnen Bondye vivan. Jezi se Kris la. L ap dirije Legliz li a jodia. Mwen rann temwanyaj konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Senyè a te fè m konprann enpòtans non li te dekrete pou Legliz li a, ki se Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Nou gen travay devan nou pou konfòme nou avèk volonte li. Nan semèn ki sot pase yo, anpil dirijan ak depatman nan Legliz la te kòmanse etap ki nesesè yo pou fè sa. Ap gen enfòmasyon adisyonèl sou bagay enpotan sa a ki pral disponib nan mwa k ap vini yo“ (Russell M. Nelson, nan “Non Legliz la” [deklarasyon ofisyèl, 16 Out, 2018], mormonnewsroom.org).

  2. Gen kèk Prezidan Legliz anvan yo ki te fè menm demann nan. Paregzanp, Prezidan George Albert Smith te di: “Pa fè Senyè a desi nan rele Legliz sa a Legliz Mòmon. Li pa t rele l Legliz Momon“ (nan Conference Report, Avril 1948, 160).

  3. Gade “Gid Referans—Non Legliz la,” mormonnewsroom.org.

  4. Doktrin ak Alyans 115:4.

  5. 3 Nephi 27:7–8.

  6. Gade Moyiz 1:33.

  7. Gade Doktrin ak Alyans 19:18.

  8. Gade Mowoni 4:3; Doktrin ak Alyans 20:37, 77.

  9. Mòmon sete youn nan kat otè prensipal nan Liv Mòmon an, lòt yo sete Nefi, Jakòb, ak Mowoni. Tout sete temwen vizyèl Senyè a, tankou tradiktè enspire l la, Pwofèt Joseph Smith.

  10. Menm mo Mòmonit la te fè pati tèm was derizyon moun yo te anplwaye (gade History of the Church, 2:62–63, 126).

  11. Gen lòt kalifikatif yo sanble yo te itilize tou nan epòk Nouvo Testaman an. Pandan pwosè Apot Pòl devan Felix la, yo te Pòl sete “yon chèf sèk Nazareyen an” (Travay 24:5). Konsènan itilizasyon ekspresyon “Nazareyen yo,“ yon kòmantatè te ekri: “Sa sete abityèlman non yo te rele kretyen yo pou te ensilte yo. Yo te rele yo konsa paske Jezi te soti Nazarèt“ (Albert Barnes, Notes, Explanatory and Practical, on the Acts of the Apostles [1937], 313).

    Konsa tou, yon lòt kòmantatè deklare: “Menmjan yo te rele Senyè nou an ‘Nazareyen an‘ avèk mepri a (Matye xxvi. 71), se konsa Juif yo te rele disip li yo ‘Nazareyen.‘ Yo pat vle admèt ke yo sete Kretyen, ki vledidisip Mesi a” (The Pulpit Commentary: Travay Apot yo, ed. H. D. M. Spence ak Joseph S. Exell [1884], 2:231).

    Nan menm sans lan, Èldè Neal A. Maxwell te fè remake: “Atravè istwa ekriti yo, nou jwè efò repete pou rabese pwofèt yo yon fason pou rejte yo—pou ba yo non yon fason pou diminye yo. Men, pi souvan, kontanporen yo ak istwa jeneral te senpleman inyore yo. Aprè tou, yo te senpleman rele premye Kretyen yo ‘sèk Nazareyen yo.’ (Travay 24:5.)” (“Out of Obscurity,” Ensign, Novanm 1984, 10).

  12. Gade 1 Nefi 18:1–2.

  13. Benjamín De Hoyos, “Called to Be Saints,” Lyawona, Me 2011, 106.

  14. Pandan nou pa gen okenn kontwòl sou jan lòt moun rele nou, nou gen kontwòl total sou fason nou fè referans ak tèt pa nou. Kijan nou ka atann pou lòt moun onore non kòrèk Legliz la si noumenm kòm manm Legliz la nou pa fè sa?

  15. Gid Referans—Non Legliz la,” mormonnewsroom.org.

  16. Mo sen an itilize souvan nan Bib la. Nan Epit Pòl pou Efezyen yo, paregzanp, li te itilize mo sen an omwen yon fwa nan chak chapit. Yon sen se yon moun ki kwè nan Jezikri epi k ap fè efò pou suiv li.

  17. Gade Doktrin ak Alyans 121:33.