2021
Fè Bagay Ekri a
Jiyè 2021


“Fè Bagay Ekri a,” Pou Fòs Jèn yo, Jiyè 2021, 18–19.

Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Jiyè 2021

Fè Bagay Ekri a

Lè w ekri panse w yo pandan w ap etidye ekriti yo sa ka vrèman ede w aprann.

“Chak fwa m kòmanse li ekriti yo, dòmi pran m!” se sa yon misyonè di prezidan misyon li. “Se kòmsi ekriti yo se yon grenn pou fè moun dòmi yo ye!”

Prezidan l la reponn, “Èske w janm pran nòt lè w ap li?”

“Non”, misyonè a reponn.

“Li fasil pou w dòmi oswa pou kite lespri w vwayaje lè se li w ap li sèlman,“ se sa prezidan an di, “men sa enposib lè w vin kòmanse ekri!“

Konsèy sa a prezidan misyon an bay misyonè ki te gen difikilte a te vin fè yon gwo diferans. Kidonk, si w ap chèche yon nouvo fason pou ranfòse etid ekriti w la, eseye fè sa. Pandan w ap ekri sou sa w ap li yo, gen anpil chans ou pral remake ou pi angaje e w ap aprann pi byen tou.

Men kèk apwòch nou twouve ki ede anpil.

Frè Steven Lund:

Imaj
Steven Lund

Mwen kenbe papye sou lamen lè m ap li. Lè Lespri a pouse m pou m fè sa pandan etid mwen an, mwen ekri pouse sa yo sou papye.

Mwen te pran ide sa a nan men Èldè Richard G. Scott (1928-2015) nan Kolèj Douz Apot yo, ki te di: “Ekri nan bagay enpòtan ou aprann nan men Lespri a nan yon kote ki sekirize. W ap wè ke si w ekri enpresyon presye sa yo, w ap resevwa plis pi souvan. Epitou, konesans ou vin genyen an pral disponib pou tout lavi w” (“Akeriz Konesans lan ak Fòs pou Itilize L Avèk Sajès,” Ensign, Jen 2002, 32).

M konnen ke pawòl sa yo se verite. Lè m ap prepare diskou ak leson, mwen ale non sèlman nan ekriti yo men nan sa m te ekri pandan m t ap li yo tou.

Frè Ahmad Corbitt:

Imaj
Ahmad Corbitt

Mwen renmen etidye daprè sijè a. Mwen li ekriti yo depi nan kòmansman rive jouk nan fen, men mwen renmen ale nan divès kote alafwa epi etidye sijè yo tou. Pa egzanp, mwen itilize Gid pa Sijè a pou m jwenn ekriti sou lafwa oswa sou rasanbleman Izrayèl. Lè sa a, mwen pa pran nòt sèlman, men mwen ekri sa m ap aprann yo pou asire m ke m konprann ni toutbon vre. Sa toujou etone m pou m wè kijan m konprann bagay yo pi byen lè m fè sa. Mwen chwazi kèk ekriti pou memorize tou.

Frè Bradley Wilcox:

Imaj
Bradley Wilcox

Mwen kenbe yon jounal etid kote m ekri ekriti yo nan pwò mo pa m. Pa egzanp, “Paske lòm natirèl la se ènmi Bondye” (Mozya 3:19) vin tounen “Paske lòm ki ògeye e ki pa repanti a chwazi pou l se ènmi Bondye, men Bondye limenm pa ènmi misye. Bondye se pi bon zanmi li.”

Mwen ekri kesyon tou. Yo ka se kesyon m ap panse sou yo anvan mwen li, oswa yo ka se kesyon ki prezante akòz sa m ap li a. Toutjan, sa kenbe m konsantre.

Pouvwa pou Ekri Panse W yo

Nou chak nan prezidans nou an etidye ekriti yo yon fason diferan, men nou tout ekri pandan n ap fè l la!

Lekti ede nou entènalize panse ak santiman nou yo. Sa enpòtan. E lè nou pale oubyen ekri, nou dekouvri epi nou eksprime panse ak santiman apatide andedan rive sou deyò. Nou santi sa ede nou pèsonalize verite levanjil yo pi byen.

Yon jèn gason te dekouvri verite sa a limenm lè yo te mande l pou l te bay yon diskou nan reyinyon sentsèn. Li te tande plizyè lòt moun bay diskou men li pat ka sonje detay yo. Fwa sa a te diferan. Lè l te ekri rezime pou pwòp diskou l la, non sèlman sa te ede l òganize diskou a, men li te sonje l pandan yon bon tan tou.

Menm bagay la ka rive nan etid ekriti w la. Si dòmi ap pran w lè w louvri ekriti yo, li lè pou w leve. Eseye rale yon kreyon, yon plim, yon telefòn oswa yon òdinatè epi kòmanse ekri. Wa sezi wè diferans sa ka fè!

Enprime