2021
Pè Selès Nou an Vle Pou Nou gen Kè Kontan
Jiyè 2021


“Pè Selès Nou an Vle Pou Nou gen Kè Kontan,” Lyawona, Jiyè 2021

Mesaj Mansyèl Lyawona , Jiyè 2021

Pè Selès Nou an Vle Pou Nou gen Kè Kontan

Depi nou sonje plan Bondye a pou bonè, nou ka jwenn lajwa menm lè lavi a di.

Imaj
Kris avèk timoun

Anvan nou te fèt sou latè, nou tout nou te viv ak Pè Selès la antanke pitit lespri Li. Li te prezante yon plan pou ede pitit Li yo aprann ak pwogrese. Grasa plan L lan, nou kapab vin menm jan avèk Li e nou ka diy pou nou jwen lavi etènèl. Plan sa a posib paske Pitit Gason Bondye a, Jezikri, te vin sou latè pou l te soufri pou peche nou yo, yon sakrifis yo rele Ekspyasyon an.

Plan Pè Selès la rele plan

Jan ekriti sa yo ak lòt ekriti montre l, Pè Selès la vle pou nou vin menm jan avèk Li, pou nou retounen al jwenn Li, epi pou nou gen bonjan kè kontan (gade nan Moyiz 1:39).

Nou Vini sou Latè pou nou Aprann ak Pwogrese

Bondye te voye nou sou latè, kote nou ta ka gen yon kò fizik (gade nan Jenèz 1:26–27). Nou te bezwen genyen kò pou ede nou fè eksperyans lavi sou tè a.

Bondye te konnen nou pa t ap santi nou kontan tout tan. Nou fè eksperyans desepsyon, doulè e menm lanmò. Men, atravè difikilte ki prezante nan lavi a, Pè Selès la ede nou aprann ak pwogrese.

Bondye bannou libabit tou, kapasite pou nou chwazi ant byen ak mal. Li kite nou chwazi pou tèt pa nou sa n ap panse ak sa n ap fè. Li bannou ekriti yo ak pwofèt vivan yo pou ede nou aprann chwazi sa ki bon (gade nan Abraram 3:25).

Imaj
pyebwa lavi a

Eseye Vin Tankou Jezikri

Bondye pat voye nou sou latè san L pat bannou yon egzanp pou nou suiv (gade nan Jan 13:15). Li te voye Sèl Pitit Gason L lan, Jezirki, pou montre nou chemen an. Pou aprann kijan pou suiv Li, nou ka li ekriti yo pou n aprann kiyès Li ye ak kisa Li te fè pandan lavi Li sou tè a. Nou ka fè efò pou nou vini menmjan ak Kris la tou nan obeyi Bondye ak renmen lòt.

Lè nou fè erè, nou mande padon epi nou konte sou pouvwa Ekspyasyon Jezikri a pou ede nou chanje. Nou ka gen kè kontan etan n ap eseye chak jou pou nou vin piplis tankou Li.

Lanmò se pa Lafen

Lè nou mouri, espri nou ale nan mond dèzespri a. Nan kote sa a, nou kontinye aprann pandan n ap prepare n pou Rezirèksyon an.

Pandan Rezirèksyon an, kò nou ak espri nou pral reyini. Kò nou pral pafè, epi nou p ap janm soufri lanmò oswa maladi ankò (gade nan Alma 11:44–45). Menm jan Jezikri te mouri epi L te retounen nan lavi ankò a, nou tout nou pral viv ankò.

Lè Bondye pral jije nou, Li pral konsidere aksyon nou yo ak dezi nou yo. Si nou te eseye kenbe kòmandman yo ak pwomès nou te fè Pè Selès la, lè sa a nou ka viv avèk Li ankò.

Lavi avèk Bondye ak Fanmi Nou nan Syèl la

Nan wayòm selès la, nou pral viv avèk Bondye ak Jezikri. Nou pral kapab viv la avèk fanmi nou pou tout tan tou si nou sele avèk yo. Nou pral jwenn lapè, bonè ak repo (gade nan Mozya 2:41).

Lavi nou sou latè ka difisil dèfwa, men si nou suiv Jezikri, nou ka jwenn lajwa nan lavi sa a ak bonè etènèl nan lavi k ap vini an.

Kisa Ekriti yo Anseye sou Plan Bonè a?

Fason nou viv lavi nou enpòtan. Bondye pral jije nou ak rekonpanse nou selon panse ak aksyon nou (gade nan Alma 41:3).

Satan se lennmi bonè nou. Li fè nou gen tantasyon pou nou mal itilize lavi nou sou tè a e pou nou fè peche. Li vle pou nou vin mizerab menm jan avèk li (see 2 Nefi 2:27).

Lè nou gen lafwa nan plan Bondye genyen pou nou an, nou ka jwenn lapè kèlkeswa tribilasyon n ap fè fas yo. Nou ka antisipe pou nou viv pou tout tan avèk Bondye (gade nan Doktrin ak Alyans 59:23).

Se J. Kirk Richards ki fè tout travay atistik yo

Enprime