2023
Lafwa nan Jezikri
Avril 2023


“Lafwa nan Jezikri,” Lyawona, Avr. 2023.

Mesaj Mansyèl Lyawona , Avril 2023

Lafwa nan Jezikri

Imaj
pwofil Jezi

Jezikri , pa Harry Anderson

Gen lafwa nan Jezikri se premye prensip levanjil la (gade Atik Lafwa 1:4). Lafwa nou ap ede nou fè chwa k ap fè nou tounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Nou kapab travay pou nou ranfòse lafwa nou pandan tout vi nou.

Imaj
timoun ak jèn ki ransanble toutotou yon liv

Kisa Lafwa Ye?

Lafwa se yon kwayans oswa yon konfyans fèm nan yon bagay. Pou gen lafwa sa gen ladann esperans ak kwayans nan bagay ki se verite, menm lè nou pa kapab wè yo oswa nou pa kapab konprann yo konplètman (gade Ebre 11:1; Alma 32:21).

Imaj
pòtrè Jezikri

Detay ki soti nan Kris la ak Jèn Chèf Rich la, pa Heinrich Hofmann.

Lafwa Santre nan Jezikri

Pou l mennen nan sali, lafwa nou dwe santre nan Jezikri kòm Sovè ak Redanmtè nou. Gen lafwa nan Kris vle di genyen konfyans nan Li. Sa vle di lage w nèt nan men Li—kwè nan pouvwa, entèlijans ak lanmou Li. Sa gen ladann tou kwè ak suiv ansèyman Li yo.

Imaj
koup k ap etidye ekriti yo

Ogmante lafwa nou

Lafwa se yon kado ki soti nan Bondye, men nou dwe chache li epi travay pou nou kenbe li fèm. Nou kapab ogmante lafwa nou lè nou priye ak etidye ekriti ak ansèyman pwofèt dènye jou yo. Nou ranfòse lafwa nou tou lè n ap viv nan lajistis ak lè nou respekte alyans nou yo.

Viv pa lafwa

Lafwa se plis pase yon senp kwayans. Li gen ladann aji an fonksyon kwayans sa a. Nou montre lafwa nou nan fason n ap viv. Lafwa nan Jezikri motive nou pou nou suiv egzanp pafè Li. Lafwa nou pouse nou pou nou obeyi kòmandman yo, repanti pou peche nou yo epi fè ak respekte alyans.

Imaj
Jezi k ap geri yon mesye ki avèg

Lafwa Kapab Pote Mirak

Vrè lafwa a pote mirak ki ka gen ladann vizyon, rèv, gerizon ak lòt don ki soti nan Bondye. Ekriti yo genyen plizyè istwa moun ki te resevwa mirak nan men Senyè a akoz lafwa yo nan Li. Gade “Mirak” nan Gid Ekriti yo pou kèk egzanp.

Lafwa Kapab Pote Lapè

Gen lafwa nan Bondye ak nan plan sali Li a kapab rann nou fò nan eprèv n ap travèse yo. Lafwa kapab ban nou fòs pou n avanse ak fè fas ak eprèv nou yo avèk kouraj. Menm lè avni a parèt pa sèten, lafwa nou nan Sovè a kapab ban nou lapè.

Imaj
yon papa ki kenbe pitit li pandan y ap gade yon tablo sou Jezi

Lafwa nan Jezikri Mennen nan Sali

Egzèse lafwa nan Kris la ap mennen nou nan sali. Kris la te prepare chemen an pou nou ka resevwa lavi etènèl. Lè nou viv lafwa nou nan Li, nou kapab jwenn padon pou peche nou yo epi retounen viv avèk Bondye ankò.

Enprime