2023
Ouvri Kè W bay Sentespri a
Avril 2023


“Ouvri Kè W bay Sentespri a,” Pou fòs jèn yo, Avril 2023.

Mesaj mansyèl Pou Fòs Jèn yo , Avril 2023

Ouvri Kè W bay Sentespri a

Nan sezon Pak sa a, mwen remèsye Papa nou ki nan Syèl la pou kado Pitit Gason Li Renmen an, ki te vini volontèman sou latè pou li Redanmtè nou. Mwen rekonesan paske m konnen Li ekspye pou peche nou yo epi Li resisite nan Rezirèksyon an. Chak jou mwen beni paske m konnen ke, gras ak Ekspyasyon L la, mwen ka resisite yon jou pou m viv pou tout tan, nan yon fanmi ki gen lanmou.

Mwen konnen bagay sa yo nan sèl fason chak grenn nan nou kapab konnen yo a. Sentespri a pale nan lespri m ak nan kè m pou di m ke yo se verite—pa jis yon fwa men souvan.

Nou genyen pwomès san pri Sentespri a antanke yon konpayon. Obligasyon nou se chwazi ouvri kè nou pou nou resevwa direksyon espirityèl ak yon rekonfò atravè Sentespri a pandan tout vi nou.

Imaj
flè

Ilistrasyon Emily E. Jones

Premye chwa a se pou nou enb devan Bondye.

Imaj
men k ap priye

Dezyèm nan se priye ak lafwa nan Senyè Jezikri.

Imaj
bousòl

Twazyèm nan se obeyi egzakteman.

Imaj
fòm kè

Epi katriyèm nan se priye pou konnen bezwen ak kè lòt moun epi fason pou ede yo pou Senyè a.

Mwen priye avèk tout kè mwen pou nou ka tande vwa Lespri a, ke yo voye ba ou avèk sitèlman jenewosite a. Epi mwen priye pou nou toujou ouvri kè nou pou n ka resevwa Lespri a pou nou kapab santi lajwa ki se genyen Li tout tan avèk nou kòm konpayon nou an.

Enprime