2023
Pataje Levanjil Jezikri a
Jiyè 2023


“Pataje Levanjil Jezikri a,” Lyawona, Jiyè 2023.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Jiyè 2023

Pataje Levanjil Jezikri a

Imaj
yon jènfi ki gen ekriti yo ouvri sou jenou l

Lè nou panse ak benediksyon nou resevwa paske nou se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou, nou vle pataje levanjil la avèk moun nou renmen yo. Nou ka pataje temwanyaj laverite nou atravè pawòl nou ak egzanp nou. Nou kapab priye pou nou jwenn enspirasyon pou n konnen ak kimoun pou n pataje yo epi kisa pou nou di.

Imaj
Jezi k ap lonje men l bay yon mesye ki andikape

Renmen Lòt Moun

Yon pati enpòtan nan pataje levanjil la se renmen lòt moun. Lè nou montre lòt moun yo lanmou nou atravè aksyon ki sanble ak pa Jezi yo, n ap pataje levanjil Jezi a—pafwa san nou pa menm di yon mo. Epi lè lòt moun konnen kijan yo tèlman enpòtan pou nou, yo gendwa plis dispoze pou yo tande refleksyon nou sou levanjil la. (Gade Gary E. Stevenson, “Renmen, Pataje, Envite,” Lyawona, Me 2022, 84–87.)

Pataje nan Fason ki Nòmal ak Natirèl

Nou kapab pataje sa nou renmen konsènan levanjil la. Lè nou fè sa nan kad lavi toulejou nou, li p ap yon bagay ki fè nou santi nou pa alèz oswa pa konfòtab. Pa egzanp, nou ka pale avèk fanmi nou ak zanmi nou sou sa nou fè nan jou Dimanch. Oswa nou ka rakonte yo sou kontatman nou santi lè nou sèvi lòt moun. (Gade Dieter F. Uchtdorf, “Travay Misyonè: Pataje Sa Ki nan Kè Nou,” Lyawona, Me 2019, 15–18.)

Envite Lòt Moun pou yo Patisipe Avèk Nou

Nou kapab envite lòt moun pou yo aprann plis sou levanjil la. Pa egzanp, nou kapab envite yo pou yo vin nan yon reyinyon oswa yon aktivite Legliz la, li Liv Mòmon an, gade yon videyo Legliz la oswa fè vizit avèk misyonè yo. Eksperyans sa yo kapab ede yo santi Lespri a epi fè yo vle aprann plis.

Imaj
de tigranmoun fi ki chita epi k ap pale

Poze kesyon sou Eksperyans Yo

Apre zanmi ak manm fanmi yo fin vini legliz la oswa yo fin fè yon leson avèk misyonè yo, nou ka poze yo kesyon sou eksperyans yo. Gen kèk ansèyman levanjil la ki gendwa nouvo pou yo, alòs, nou kapab reponn kesyon yo genyen yo. Nou kapab montre yo lanmou nou ak sipòte yo pou efò yo fè pou yo vin jwenn Kris la.

Ajoute sou Kwayans Yo

Nou respekte kwayans lòt moun epi nou ba yo valè, epi nou eseye ajoute sou lafwa yo deja genyen an. Pa egzanp, yon zanmi ki te jwenn rekonfò nan ekriti Bib la kapab jwenn rekonfò tou nan ansèyman nou pataje ki soti nan Liv Mòmon an.

Imaj
yon jèn fi k ap ede yon tigranmoun fi travèse lari a

Èd Nouvo Manm Legliz la

Lè moun vin antre nan Legliz la, nou kapab ede yo ranfòse lafwa yo. Nou ka zanmi yo, reponn kesyon yo genyen epi sipòte yo lè yo resevwa apèl. Nou ka ankouraje yo pou yo kontinye suiv Jezikri ak pou yo aprann sou levanjil Li a.

Imaj
de misyonè tigranmoun ak yon mesye k ap gade yon telefòn ansanm

Sèvi yon Misyon Aplentan

Anplis de pataje levanjil la nan lavi toulejou nou, manm Legliz yo kapab aple pou yo sèvi kòm misyonè aplentan. Si yo prepare, jèn gason yo ka sèvi apati laj 18 lane. Jèn fi ak granmoun aje yo kapab sèvi tou. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon nan ChurchofJesusChrist.org/callings/missionary.

Enprime