Konferans Jeneral
Renmen, Pataje, Envite
Konferans Jeneral Avril 2022


Renmen, Pataje, Envite

Lè nou renmen, pataje, ak envite, nou patisipe nan gwo travay gloriye sa a k ap prepare tè a pou retou Mesi l la.

Imajine avèk mwen, pou yon moman, nou kanpe sou yon mòn nan Galile, ap gade mèvèy ak laglwa Sovè resisite a k ap vizite disip Li yo. Ala yon bagay edifyan pou n ta pèsonèlman tande pawòl sa yo, ke L te pataje avèk yo, responsablite solanèl Li te ba yo pou yo “Ale, fè disip pou mwen nan tout nasyon, batize yo nan non Papa a, Pitit la, ak Sentespri a.”1 Asireman, pawòl sa yo t ap ba nou pouvwa, enspire nou, epi pouse nou tout, jan yo te fè pou Apot Li yo. Anfèt, yo te dedye rès lavi yo pou yo te fè egzakteman sa.

Sa k enteresan, se pa t sèl Apot yo ki te pran pawòl Jezi yo oserye. Manm yo nan Legliz primitif la, soti nan pi nouvo a jiska sa k te pi ansyen an, te patisipe nan gwo misyon Sovè a, yo te pataje bòn nouvèl levanjil la bay moun yo te rankontre ak sa yo te konnen. Detèminasyon yo pou yo te pataje levanjil Jezikri a te ede Legliz ki te fèk etabli a pwogrese anpil.2

Noumenm tou, antanke disip Kris la, yo envite n pou nou pote atansyon a misyon Li jodia, kòmsi nou te la sou montay sa a nan Galile a lè L t ap pwoklame l premye fwa a. Sa te rekòmanse an 1830 lè Joseph Smith te mete frè l la, Samyèl, apa kòm premye misyonè Legliz Jezikri a.3 Depi lè sa a, plis pase 1.5 milyon misyonè vwayaje nan tout mond lan pou anseye tout nasyon ak batize moun ki anbrase bòn nouvèl levanjil retabli a.

Sa se doktrin nou. Dezi ki chè pou nou.

Soti nan jèn timoun yo rive nan sa ki pi gran nan pami nou yo, nou aspire a moman kote nou ka koute apèl Sovè a pou pataje levanjil la avèk nasyon yo nan mond lan. Mwen sèten ke noumenm, jènjan ak jènfi yo, santi menm defi sa a pwofèt nou an te bay yè a kote l te envite nou pou prepare nou pou sèvi misyon aplentan menmjan Sovè a te mande Apot Li yo.

Tankou atlèt k ap tann nan pwen depa a, n ap tann avèk enpasyans pou n resevwa envitasyon ofisyèl la, avèk siyati pwofèt la, k ap endike nou ki kote kous la ap derape! Dezi sa a nòb ak enspiran; sepandan, annou konsidere kesyon sa a: Poukisa nou tout pa kòmanse lamenm?

Ou gen dwa ap mande tèt ou, “Kijan m ka yon misyonè san m pa gen yon badj ki gen non mwen?” Oubyen ou gen dwa ap di: “Misyonè aplentan yo resevwa mizapa pou yo fè travay sa a. M ta renmen ede, men, petèt nan apre, lè lavi a yon ti jan pi kalme.”

Frè m ak sè m yo, li ankò pi senp pase sa! Erezman, gwo misyon Sovè a ka akonpli atravè prensip senp ki fasil pou konprann ke yo anseye nou chak depi nan anfans nou: renmen, pataje, ak envite.

Renmen

Premye sa nou ka fè se renmen jan Kris la te renmen an.

Kè nou lou poutèt soufrans ak tansyon imen n ap wè toupatou nan mond lan pandan tan ajite sa yo. Sepandan, nou ka enspire tou pa devèsman konpasyon ak travay imanitè ke moun toupatou nan mond lan ap demontre atravè efò yo pou yo lonje lamen bay moun ki rejte—moun yo deplase fè kite lakay yo, moun ki separe avèk fanmi yo, oubyen k ap travèse lòt fòm chagren ak dezespwa.

Dènyèman, nouvèl yo te rapòte kijan yon gwoup manman nan Polòy, ki te gen lapenn pou fanmi dezespere ki t ap kouri sove yo, te kite chèz tibebe byen ekipe sou platfòm yon estasyon tren, byen ranje, tou pare ap tann manman refijye yo ak pitit yo ki t ap bezwen yo pou yo te travèse fwontyè a lè yo te desann soti nan tren an. Asireman, Pè Selès la souri pou zak charite san parèy sa yo, paske lè nou youn pote fado lòt, nou “akonpli lwa Kris la.”4

Chak fwa nou demontre lanmou kretyen pou pwochen nou, nou preche levanjil la—menmsi nou pa eksprime l atravè yon grenn mo.

Lanmou pou lòt moun se ekspresyon elokan dezyèm gran kòmandman pou nou renmen pwochen nou an;5 li montre pwosesis rafinman Sentespri a k ap travay nan nanm nou. Lè nou demontre lanmou Kris la pou lòt moun, nou ka lakoz ke moun ki wè bon zèv nou yo “glorifye Papa [nou] ki nan syèl la.”6

Nou pa espere anyen anretou.

Natirèlman, espwa nou se pou yo aksepte lanmou nou, malgre ke fason y ap reyaji a pa sou kontwòl nou.

Sa nou fè ak sa nou ye se sa ki sou kontwòl nou.

Atravè lanmou kretyen pou lòt moun, nou preche avèk elokans pwopriyete gloriye levanjil Kris la ki transfòme lavi, epi nou patisipe grandman nan akonplisman gwo misyon L la.

Pataje

Dezyèm bagay nou ka fè se pataje.

Pandan premye mwa pandemi COVID-19 nan, Frè Wisan ki nan Tayilann te santi l pouse pou l te pataje sa l te santi ak enpresyon l te genyen sou sa l te aprann nan etid li nan Liv Mòmon an sou rezo sosyal. Nan youn nan mesaj patikilyèman pèsonèl li yo, li te rakonte istwa de misyonè nan Liv Mòmon an, Amilèk ak Alma.

Frè l la, Winai, malgre ke te gen kwayans relijye, te touche pa mesaj li te poste a epi l te reponn nan yon fason sanzatann, kote l te mande “èske m ka jwenn liv la nan lang Thai?”

Avèk sajès, Wisan te fè aranjman pou de sè misyonè te delivre Liv Mòmon an ba li, sa ki te kòmanse ansèyman fè l la.

Wisan te patisipe nan leson virtuel yo kote l te pataje sa l te santi osijè Liv Mòmon an. Winai te aprann priye ak etidye avèk yon espri ki t ap chèche laverite, pou l te ka aksepte ak anbrase verite a. Nan lespas kèlke mwa, Winai te batize!

Wisan te di nan apre, “Nou gen yon responsablite pou nou sèvi kòm enstriman nan men Bondye, e nou dwe toujou pare pou L ka akonpli travay Li nan fason pa Li atravè nou.” Mirak familyal yo a te pwodui paske Wisan te senpleman pataje levanjil la nan yon fason nòmal ak natirèl.

Nou tout pataje kèk bagay avèk lòt moun. Nou fè sa souvan. Nou pale de fim ak manje nou renmen, bagay amizan nou wè, kote nou vizite, bagay atistik nou apresye, sitasyon ki enspire nou.

Kijan nou ka senpleman ajoute, sou lis sa nou deja ap pataje yo, sa nou renmen osijè levanjil Jezikri a?

Èldè Dieter F. Uchtdorf te eksplike: “Si yon moun poze w kesyon sou wikenn ou, pa ezite pale l de eksperyans ou te fè nan legliz la. Pale l de timoun yo ki te kanpe devan kongregayon an epi ki te chante avèk antouzyas sou kijan y ap eseye vini tankou Jezi. Pale l de gwoup jèn yo ki te pase tan ap ede moun aje nan mezon retrèt yo konpile istwa pèsonèl yo.”7

Pataje se pa yon kesyon de “vann” levanjil la. Nou pa bezwen ekri yon diskou oubyen korije pèsepsyon enkòrèk yon moun.

Nan kesyon travay misyonè, Bondye pa bezwen pou nou cherif Li, men, Li mande nou pou n pataje avèk Li.

Nan pataje eksperyans pozitif nou nan levanjil la avèk lòt moun, n ap patisipe nan akonplisman gran misyon Sovè a.

Envite

Twazyèm bagay nou ka fè se envite.

Sè Mayra se yon nouvo konvèti nan Ekwatè. Lajwa l nan levanjil la te imedyatman ogmante anpil apre batèm ni pandan l t ap envite zanmi ak moun ki chè pou li atravè adrès sou rezo sosyal. Anpil manm fanmi ak zanmi ki te wè mesaj li yo te reponn avèk kesyon. Mayra te konekte avèk yo, li te souvan envite yo lakay li pou yo te vin rankontre misyonè yo ansanm.

Paran Mayra, frè l ak sè l yo, matant li, de kouzen, ak plizyè lòt zanmi l te batize paske li te kourajezman envite yo pou yo te “vini epi gade,” “vini epi sèvi,” ak “vini epi sant w nan plas ou.” Gras ak envitasyon nòmal ak natirèl li yo, plis pase 20 moun te aksepte envitasyon l pou yo te batize vin manm Legliz Jezikri a. Sa te fèt paske Sè Mayra te senpleman envite lòt moun pou yo vin fè eksperyans lafjwa l te santi kòm manm Legliz la.

Imaj
Sè Mayra ak moun li te envite yo fè eksperyans lajwa levanjil la

Gen dè santèn envitasyon nou ka fè lòt moun. Nou ka envite yo “vini epi wè” yon reyinyon sentsèn, yon aktivite pawas, yon videyo anliy ki eksplike levanjil Jezikri a. “Vini epi wè” ka yon envitasyon pou yo li Liv Mòmon an oubyen vizite yon nouvo tanp pandan pòt ouvèt anvan konsekrasyon li. Pafwa, envitasyon an se yon bagay alenteryè nou—yon envitasyon nou fè tèt nou, ki ba fè nou pran konsyans e ba nou vizyon sou opòtinite ki antoure nou, pou nou ka aji an konsekans.

Nan epòk dijital nou an, manm yo souvan pataje mesaj atravè medya sosyal. Gen dè santèn, si se pa dè milye, bagay edifyan ou ka twouve ki diy pou w pataje. Kontni sa a ofri envitasyon pou “vini epi gade,” “vini epi sèvi,” ak “vini epi santi w nan plas ou.”

Lè nou envite lòt moun pou yo aprann plis sou levanjil Jezikri a, nou patisipe nan apèl Sovè a pou n angaje nan travay Li a.

Konklizyon

Frè ak sè byeneme m yo, nou pale jodia de twa bagay senp—bagay fasil—ke nenpòt moun ka fè. Bagay ke ou ka fè! Petèt ou deja ap fè yo—menmsi w pa totalman reyalize ke w ap fè yo!

Mwen envite w pou w konsidere fason ou ka renmen, pataje, ak envite. Pandan w ap fè sa, w ap santi yon gwo lajwa dèske w konnen ke w ap pote atansyon a pawòl Sovè byeneme nou an.

Sa m egzòte w pou w fè a se pa yon nouvo pwogram. Ou konn tande prensip sa yo deja. Se pa “pwochen gran choz” Legliz la ap mande w pou w fè. Twa bagay sa yo se senpleman yon pwolonjman de sa nou deja ye antanke disip Jezikri.

Nou pa bezwen okenn badj ni okenn lèt.

Nou pa bezwen okenn apèl ofisyèl.

Lè twa bagay sa yo vin tounen yon pati natirèl nan sa nou ye ak kijan nou viv, y ap vin yon ekspresyon otomatik lanmou sensè san fòse.

Menmjan ak disip Kris sa yo ki te rasanble ansanm pou yo te aprann nan men L nan Galile a sa gen 2,000 ane a, noumenm tou nou ka anbrase tach Sovè a pou nou ale nan tout mond lan pou preche levanjil la.

Lè nou renmen, pataje, ak envite, nou patisipe nan gwo travay gloriye sa a k ap prepare tè a pou retou Mesi l la.

Mwen priye pou nou ka pote atansyon a apèl Sovè a pou n angaje nan gwo misyon L sa a, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 28:19.

  2. Kisa k te lakoz kwasans Legliz primitif la? Yon istoryen sigjere: “Premye bagay ki te pouse gwo entèwogasyon konsènan nati lafwa a sete kontak pèsonèl avèk lòt kwayan. … Viv ak travay bò kote moun ki te suiv Jezi yo, temwen konpòtman yo tou pre, epi koute pandan y ap pale de levanjil la nan mitan aktivite òdinè chak jou yo, sete konfwonte a prèv lavi ki te chanje. Nan sans sa a, pouvwa atiran lafwa kretyen an dwe te souvan konsiste non pa anpil deklarasyon an piblik reprezantan ki pi renome yo te fè men nan temwayaj diskrè adoratè òdinè Jezi sa yo ki t ap temwaye de kredibilite angajman yo atravè entegriteyo, konstans yo, ak ouvèti yo te fè pou lòt moun(Ivor J. Davidson, The Birth of the Church: From Jesus to Constantine, A.D. 30–312 [2005], 108–9).

  3. Gade Lucy Mack Smith, History, 1845, page 169, josephsmithpapers.org.

  4. Galat 6:2.

  5. Gade Matye 22:39.

  6. Matye 5:16.

  7. Dieter F. Uchtdorf, “Travay Misyonè: Pataje sa ki nan Kè nouLiahona, Me 2019, 17.