Konferans Jeneral
Antre nan twoupo Bondye a
Konferans Jeneral Avril 2022


Antre nan twoupo Bondye a

Andedan twoupo Bondye a, nou fè eksperyans siveyans Bon Bèje a, bon jan swen Li epi , epi nou jwenn benediksyon pou n santi lanmou redanmtè Li.

Antanke jèn paran, Frè ak Sè Samadt e aprann levanjil Jezikri a nan kay 2 chanm senp yo a nan Semarang, nan Endonezi.1 Chita bò kote yon ti tab, avèk yon ti limyè ki te sanble li te pote plis moustik pase limyè, de jèn misyonè te ansenye yo verite etènèl yo. Atravè lapriyè sensè ak asistans Sentespri a, yo te rive kwè sa yo te anseye yo a epi yo te chwazi vin batize epi vin manm Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo. Desizyon sa a, ak jan yo viv depi lè a, beni Frè ak Sè Samad ak fanmi yo nan tout aspè nan lavi yo.2

Yo nan pami premye pyonye Sen yo nan Endonezi. Nan apre, yo te vin resevwa òdonans tanp yo, epi Frè Samad te sèvi kòm prezidan branch epi apresa kòm prezidan distri, ap kondui nan tout Java Santral la pou l ranpli responsabilite l yo. Nan dis ane k sot pase yo, li te sèvi kòm premye patriyach nan pieu Surakarta a nan Endonezi.

Imaj
Èldè Funk avèk Frè ak Sè Samad

Antanke youn nan misyonè ki te nan enb kay ranpli ak lafwa sa a, sa gen 49 van an, mwen te temwen sa Wa Benjamen te anseye nan Liv Mòmon an. “Epi ankò, m ta vle nou konsidere benediksyon ak bonè moun sa yo ki respekte kòmandman Bondye yo. Gade, yo beni nan tout bagay, ni tanporèl ni espirityèl.”3 Benediksyon ki ranpli lavi moun ki suiv egzanp ak ansèyman Jezikri yo, ki chwazi pou yo vin konte pami disip Li yo, yo anpil, yo bay kè kontan, epi yo etènèl.4

Twoupo Bondye a

Envitasyon alyans batèm Alma te fè moun sa yo ki te rasanble bò Dlo Mòmon an kòmanse avèk fraz sa a: “Kounyeya, etandone nou vle antre nan twoupo Bondye a.”5

Imaj
Flock of sheep in the country side standing next to a rock fence.

Yon bèjri kote twoupo a ye se yon patiraj ki laj, ki konstwi souvan avèk mi wòch, kote mouton yo pwoteje lannuit. Li gen yon sèl rantre. Nan fen jounen an bèje a rele mouton yo. Yo konn vwa li, epi yo pase nan baryè a pou yo rantre an sekirite nan bèjri a.

Pèp Alma a siman te konnen ke bèje yo kanpe nan rantre etwat bèjri a yon fason pou lè mouton yo rantre, yo ka konte yo6 epi yo note blesi yo ak maladi yo epi yo pran swen yo youn pa youn. Sekirite ak byennèt mouton yo depann de dispozisyon yo pou yo vini nan bèjri a epi rete nan bèjri a.

Nan pami nou, petèt gen kèk moun ki santi yo nan ke twoupo a, petèt yo panse ke yo pa twò bezwen yo oubyen yo pa gen anpil valè oubyen yo pa gen plas yo nan twoupo a. Epi, menmjan ak nan bèjri a, nan twoupo Bondye a nou pafwa kanpe youn sou zòtèy lòt epi nou bezwen repanti oubyen padone.

Men Bon Bèje a7—vrè bèje nou an—Li toujou bon. Andedan twoupo Bondye a, nou fè eksperyans siveyans Li, bon jan swen Li epi nou jwenn benediksyon pou n santi lanmou redanmtè Li. Li te di: “Mwen ekri non nou nan pla men m; mwen toujou wè miray nou yo devan je m.”8 Senyè nou an grave nan pla men Li peche nou yo, lapenn nou yo, afliksyon nou yo,9 ak tout bagay ki pa jis nan lavi a.10 Tout moun byenveni pou yo resevwa benediksyon sa yo, si “yo vle vini”11 epi chwazi pou yo fè pati twoupo a. Don libabit la se pa sèlman dwa pou nou chwazi, men sa ki pi enpòtan, li se opòtinite pou nou chwazi sa ki byen. Epi miray yo ki nan bèjri a se pa yon kontrent men yon sous sekirite espirityèl.

Jezi te ansenye ke gen “yon sèl twoupo, ak yon sèl bèje.”12 Li te di:

Li te di: “Moun ki rantre nan pòt la se bèje mouton yo. …

“Epi mouton an tande vwa li … ,

“… epi mouton an suiv li; paske yo konnen vwa li.”13

Jezi te deklare apresa “Mwen se pòt la: moun ki pase nan mwen pou antre, l ap sove,”14 pandan l te ansenye byen klè ke gen yon sèl chemen ki mennen nan twoupo Bondye a ak yon sèl mwayen pou nou sove. Se atravè Jezikri e palentèmedyè Li.15

Benediksyon Vini sou Moun ki nan Twoupo Bondye a

Nou aprann kòman pou nou antre nan twoupo a atravè pawòl Bondye a, ki se doktrin Jezikri ak pwofèt Li yo te ansenye a.16 Lè nou suiv doktrin Kris la epi nou antre nan twoupo a atravè lafwa nan Jezikri, repantans, batèm ak konfimasyon, epi nou kontinye avèk fidelite,17 Alma pwomèt kat benediksyon pèsonèl ak espesifik. Nou kapab (1) “vin rachte pa Bondye,” (2) “vin konte pami moun k ap nan premye rezirèksyon an,” (3) “gen lavi etènèl,” epi (4) Senyè a ap “devèse Lespri l sou nou avèk plis abondans.”18

Aprè Alma te fin ansenye konsènan benediksyon sa yo, pèp la te bat men yo ak lajwa. Men poukisa:

Premyèman: Rachte vle di peye yon dèt oubyen yon obligasyon oubyen libere anba detrès oubyen sa ki mal.19 Okenn kantite amelyorasyon pèsonèl nou fè bò kote pa nou pa ka pwòpte nou anba peche nou komèt ni geri nou anba blesi nou soufri san Ekspyasyon Jezikri a. Li se redanmtè nou.20

Dezyèmman: Gras ak Rezirèksyon Kris la, tout moun ap resisite.21 Aprè lespri nou sòti nan kò mòtèl nou an, nou pral san dout ret tann moman kote, avèk yon kò resisite, nou pral kapab anbrase moun nou renmen yo ankò. Nou pral anvi anpil pou nou pami moun ki leve nan Premye Rezirèksyon an.

Twazyèmman: Lavi etènèl vle di viv avèk Bondye epi viv jan Li viv. Se “pi gwo nan tout kado Bondye yo”22 epi l ap pote yon lajwa ki pap janm fini.23 Sa se bi ak objektif siprèm lavi nou.

Katriyèmman: Konpayi yon manm nan Divinite a, Sentespri a, bay gidans ak rekonfò nou si grandman bezwen an pandan pandan lavi mòtèl sa a.24

Reflechi a kèk rezon ki fè nou pa gen kè kontan: lamizè vini akoz peche,25 tristès ak solitid akoz lanmò yon moun ki chè pou nou, epi laperèz soti nan ensèttid sou sa k pase lè nou mouri. Men lè nou rantre nan twoupo Bondye a epi nou respekte alyans nou fè avèk Li yo, nou santi lapè paske nou konnen ak kwè ke Kris la ap rachte nou anba peche nou yo, ke separasyon kò nou ak lespri nou an ap fini pi rapid, epi nou pral viv etènèlman avèk Bondye nan yon fason ki pi gloriye.

Fè Kris la konfyans epi Aji ak Lafwa

Frè m ak sè m yo, ekriti yo ranpli egzanp sou pouvwa majestye Senyè a ak mizèrikòd ak gras Li. Pandan ministè tèrès Li a, Li te akòde benediksyon gerizon L yo a moun ki te fè l konfyans epi ki te aji ak lafwa. Pa egzanp, mesye kokobe a nan pisin Betesda a te mache lè, avèk lafwa, Li te suiv kòmandman Sovè a pou l te “leve, pran nat ou a, epi mache”26a. Moun ki te malad oubyen aflije nan nenpòt fason yo nan peyi Bountiful la te geri lè “tout foul la ansanm” yo “te mennen yo ba li.”27

Menmjan an tou, pou nou resevwa benediksyon mèveye yo pwomèt moun ki rantre nan twoupo Bondye a, sa mande pou nou jis fè menm bagay la—chwazi pou nou vini. Alma ki pi Jèn nan te ansenye, “Epi kounyeya m ap di nou bon bèje a ap rele nou; epi si nou koute vwa l l ap mennen nou nan twoupo li a.”28

Sa gen kèk ane, yon bon zanmi m te mouri anba kansè. Lè madanm li, Sharon, te ekri osijè rezilta l yo toudabò, li te di, “Nou Chwazi Lafwa. Lafwa nan Sovè nou an, Jezikri. Lafwa nan plan Papa nou ki nan Syèl la, epi lafwa ke li konnen bezwen nou epi L ap kenbe pwomès Li.”29

Mwen rankontre anpil Sen Dènye Jou tankou Sharon ki santi lapè enteryè ke yo an sekirite nan twoupo Bondye a, espesyalman lè tantasyon, opozisyon, oubyen advèsite vini.30 Yo chwazi pou yo gen lafwa nan Jezikri epi pou yo suiv pwofèt Li a. Chè pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson, te ansenye, “Tout bon bagay nan lavi a—tout gwo benediksyon ki gen siyifikasyon etènèl—kòmanse avèk lafwa.”31

Antre Totalman nan Twoupo Bondye a

Gran gran papa m, James Sawyer Holman, te vini Utah nan lane 1847, men li pa t pami moun ki te rive an Jiyè avèk Brigham Young yo. Li te vini pita nan ane a epi, selon rejis fanmi an, li te responsab pou l te mennen mouton yo. Sa te pran l jiska mwa Oktòb pou l te rive nan vale Salt Lake la, men limenm ak twoupo a te rive fè vwayaj la.32

Pou m di nan sans figire, gen kèk nan noumenm ki nan plèn yo toujou. Se pa tout moun ki rive nan premye gwoup la. Chè zanmi m yo, tanpri kontinye vwayaj la—epi ede lòt moun—pou yo antre totalman nan twoupo Bondye a. Benediksyon levanjil Jezikri yo san mezi paske yo etènèl.

Mwen rekonesan anpil dèske m se yon manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen rann nou temwanyaj sou lanmou Papa nou ki nan syèl la ak Redanmtè nou an, Jezikri, ak lapè ki vini sèlman atravè Yomenm—lapè enteryè avèk benediksyon nou jwenn nan twoupo Bondye a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Menmjan avèk anpil Endonezyen nan jenerasyon pa l la, Frè Samad jis gen yon sèl non. Madanm li, Sri Katoningsih, ak pitit li yo itilize Samad kòm siyati yo.

  2. Frè ak Sè Samad rapòte ke omwen 44 nan manm fanmi elaji li se manm Legliz la kounyeya. Anpil lòt moun jwi benediksyon levanjil yo tou akoz egzanp yo ak sèvis yo.

  3. Mozya 2:41.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 59:23.

  5. Mozya 18:8.

  6. Gade Mowoni 6:4.

  7. Gade Jan 10:14; gade tou Gerrit W. Gong, “Bon Bèje, Mouton Bondye,” Liahona, Me 2019, 97–101.

  8. Ezayi 49:16.

  9. Gade Alma 7:11–13.

  10. Gade Dale G. Renlund, “Infuriating Unfairness,” Liahona, Me 2021, 41–44.

  11. Mozya 18:8.

  12. Jan 10:16.

  13. Jan 10:2–4.

  14. Jan 10:9.

  15. Gade 2 Nefi 31:21; Elaman 5:9.

  16. Gade Henry B. Eyring, g, “Pouvwa pou Anseye Doktrin nan,” Liahona, Jiyè 1999, 85. Lè n ap chèche vin jwenn Kris la, nou dwe vini annakò avèk pawòl Kris yo, “se poutèt sa gen yon sèl Bondye ak yon sèl Bèje sou tout tè a” (gade 1 Nefi 13:40–41).

  17. Doktrin Kris la, senpleman eksplike, se pou tout moun tout kote dwe egzèse lafwa nan Jezikri ak nan Sakrifis ekspiyatwa Li a, repanti, vin batize, resevwa Sentespri a, epi pèsevere jiska lafen, oubyen, jan Sovè a te ansenye nan 3 Nefi 11:38, “ou pa p kapab nan okenn fason eritye wayòm Bondye a.”

  18. Mozya 18:9, 10.

  19. Gade Diksyonè Merriam Webster.com nan, “rachte”; gade tou D. Todd Christofferson, “Redanmsyon,” Lyawona, Me 2013, 109.

  20. Gade Alma 11:40.

  21. Gade 2 Nefi 2:8; 9:12.

  22. Doktrin ak Alyans 14:7.

  23. Gade nan 2 Nefi 9:18.

  24. Gade 1 Nefi 4:6; Mowoni 8:26.

  25. Gade nan Mozya 3:24-25; Alma 41:10.

  26. Jan 5:8.

  27. 3 Nefi 17:9.

  28. Alma 5:60. Nan Moyiz 7:53, Mesi a te di tou, “Nenpòt moun ki antre nan pòt la epi ki atache avèk mwen, li pa p janm tonbe.”

  29. Sharon Jones, “Diagnosis,” wechoosefaith.blogspot.com, 18 Mas, 2012.

  30. Preche Levanjil Mwen an defini “pèsevere jiskalafen” jan l ye la a: “Pou rete vrè avèk kòmandman Bondye yo epi pou ou vrè avèk òdonans dotasyon ak sèlman nan tanp la malgre tantasyon, ak opozisyon, epi advèsite nan lavi a” ([2019], 73). Sa sigjere ke nou pral fè eksperyans avèk tantasyon, opozisyon, epi advèsite nan lavi a.

  31. Russell M. Nelson, “Kris la Resisite; Lafwa nan Li Pral Deplase Mòn,” Lyawona, Me 2021 102.

  32. Gade brèf byografi James Sawyer Holman and Naomi Roxina LeBaron Holman by their granddaughter Grace H. Sainsbury in the possession of the speaker (Charles C. Rich diary, Sept. 28, 1847, Church History Library, Salt Lake City; Journal History of The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints, June 21, 1847, 49, Church History Library). Holman te yon kapitèn nan konpayi Charles C. Rich nan lane 1847.